Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Donald Trump Tounen Ofisyèlman 45èm Prezidan Ameriken


 Donald Monday ki jwenn konfimasyon li ofisyèlman nan Kolèj Elektoral la, nan fen jounen 19 desanm 2016 la, kòm 45èm prezidan Lèzetazini.
Donald Monday ki jwenn konfimasyon li ofisyèlman nan Kolèj Elektoral la, nan fen jounen 19 desanm 2016 la, kòm 45èm prezidan Lèzetazini.

Ozetazini, milyonè Donald Trump tounen ofisyèlman 45èm oprezdan ameriken nan fen jounen 19 desanm 2016 la aprè li jwenn kantite vòt ki te nesesè nan Kolèj Elektoral la pou konfime viktwa li te ranpòte nan eleksyon 8 novanm pase a.

Gran elektè Eta Kawolin di Nò yo ki tap fè repetisyon anvan yo te òganize vòt yo nan jounen 19 desanm nan.
Gran elektè Eta Kawolin di Nò yo ki tap fè repetisyon anvan yo te òganize vòt yo nan jounen 19 desanm nan.

Vrèman vre, depi nan kòmansman mwa novanm nan, pèp ameriken an te konnen se Misye Trump, kandida Pati Repibliken an ki te poze kandidati Ii pou la premyè pou yon pòs elektif, ki ta pral ranplase Prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch apre seremoni envestiti li ki fikse pou 20 janvye 2017. Sepandan, daprè la tradisyon, se pa evennman ki dewoule nan jounen elektoral 8 novanm nan ki detèmine kilès ki pral prezidan ameriken an; men pito se rezilta separe eleksyon ki dewoule nan chakenn nan 50 Eta yo, plis nan kapital federal la, Washington DC, mete sou rezilta yon vòt ki fèt nan Kolèj Elektoral la.

Se konsa, nan fen jounen lendi 19 desanm nan, elektè chak Eta te reyini pou yo vote nan kapital Eta yo ak nan Washington epi, jan moun te espere sa a, plis pase majorite a --swa 270 elektè-- vote pou Donald Trump tounen pwochen prezidan Lèzetazini an avèk yon manda 4 tran.

Patizan fawouch kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, te lanse apèl bay gran elektè ki te pwomèt pou yo vote pou Trump yo, vire kazak yo e vote kont li paske, dapre patizan demokrat sa yo, Madam Clinton te ranpòte plis pase 2 milyon 900 mil vwa pase li nan vòt popilè yo. Genyen nan moun sa yo ki te pwoteste lendi nan kapital Eta yo kòm yon dènye efò pou yo te anpeche Donald Trump monte sou pouvwa a.

Yon Gran Elektè Eta Michigan, William Rauwerdink, ki tap montre bilten li anvan vòt lendi 19 desanm nan.
Yon Gran Elektè Eta Michigan, William Rauwerdink, ki tap montre bilten li anvan vòt lendi 19 desanm nan.

Sepandan, ofi-e-amezi Eta yo tap rapòte rezulta vòt yo nan chak kapital, gran elektè ki te deja pran angajman pou yo apiye Trump yo te kenbe fèm e se konsa yo pèmèt li ranpòte laviktwa. An fèt, menmsi Madam Clinton te genyen yon bon jan avans sou Misye Trump nan vòt popilè yo, kandida repibliken an ranpòte lavitwa kote ki vrèman nesesè a: nan Kolèj Elektoral la kote gran elektè 31 Eta sou 50 vote pou li.

Nap siyale nouvèl yo te fè konnen, anvan dewoulman vòt la nan Kolèj Elektoral la, gran elektè yo te ensiste pou di yo ta pral vote nan menm sans ak rezilta eleksyon prezidandyèl la nan chak Eta, swa an favè Donald Trump; men finalman genyen yon gran elektè repibliken –an palan de Christopher Suprun, yon reprezantan Eta Tegzas-- ki chanje kan e ki pa vote pou Trump. Nan yon entèvyou Misye Suprun bay Lavwadlamerik, li di:

“Kantite gran elektè ki rete fidèl ak Trump yo pi gwo anpil pase yon sèl mwen menm nan; mwen eseye, men mwen pa rive pran tèt o-mwen 37 repibliken nan Kolèj Elektoral la pou yo pa vote pou Trump.”

Prezidan Barack Obama –ki te apiye kandidati Hillary Clinton ak tout fòs-- di li konsidere Kolèj Elektoral la kòm yon relik, yon enstitisyon ansyen ki raple yon moman pase nan Listwa Amerikèn. Sepandan Kongrè a te echwe nan divès tantativ li te fè pou l pote refòm nan enstitisyon sa a oubyen elimine li nèt pou mete vòt popilè a nan plas li.

XS
SM
MD
LG