Ozetazini, Prezidan eli a, Donald Trump, rankontre, nan jounen madi 13 desanm 2016 la, nan vil New York, ak vedèt mizik rap nwa-ameriken, Kanye West. Rankont la dewoule nan rezidans prive misye Trump nan Manhattan, yon palè wayalach ki rele The Trump Tower kote Prezidan eli a te plase katye-jeneral kanpay li mwa pase a.
Apre rankont la, si Misye Trump pale pou l di “Kanye West se yon bon gason (“a good man”), rapè a, li menm, pa fè okenn deklarasyon bay jounalis ki te antoure l pandan li tap kite Trump Tower a.
Nap raple Kaney West, ki genyen 39 lane sou tèt li, te etone anpil moun nan mwa novanm pase a lè l te deklare si li tap vote nan prezidansyèl la, se pou Donald Trump li tap jete bilten li. Deklarasyon sa a te fè anpil fanatik li move kou kong, paske se menm Kanye West sa a ki te di, nan yon maraton pou viktim siklòn Katrina yo nan Eta Lwizyàn nan lane 2005, Prezidan repibliken George W. Bush pat fè anyen ditou pou popilasyon nwa a Ozetazini.
.