Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Ankèt sou Atlèt Ris yo Pale de Dopaj nan 2 Dènye Je Zolenpik yo


Se anketè Ajans Mondyal Anti-Dopaj nan, kanadyen Richard McLaren, ki pibliye rapò a vandredi 9 desanm 2016 la.
Se anketè Ajans Mondyal Anti-Dopaj nan, kanadyen Richard McLaren, ki pibliye rapò a vandredi 9 desanm 2016 la.

Dapre yon dènye ankèt ki te fèt sou sa espesyalis yo rele “yon plan dopaj sistematik” nan pwogram atletik ris la, plis pase mil atlèt peyi Larisi ki te patisipe nan Je Zolenpik Dete yo, Je Zolenpik Divè yo ak Je Paralenpik yo, te patisipe nan yon konplo òganize pou yo anpeche responsab yo detekte prezans dwòg entèdi nan sistèm yo,oubyen yo te benefisye de konplo sa a.

Nan jounen vandredi 9 desanm 2016 la, anketè Ajans Mondyal Anti-Dopaj nan, kanadyen Richard McLaren, ki se yon pwofesè dwa entènasyonal, pibliye dènye rapò a ki te fèt sou kesyon pou konnen eske gen verite nan akizasyon kòmkwa Leta ris ta patwone koken nan espò epi yo ta chache kase fèy pou kouvri sa; ankèt la te santre sitou sou dopaj atlèt ris yo ta itilize pandan Je Zolenpik Divè 2014 la nan vil Socho, nan Larisi.

Yon atlèt fi ki tap patisipe nan Je Zolenpik Lond yo an 2012.
Yon atlèt fi ki tap patisipe nan Je Zolenpik Lond yo an 2012.

Gen gwo posiblite pou ankèt sa a vin remete presyon sou Komite Entènasyonal Olenpik la pou l pran sanksyon kont Larisi anvan dewoulman Je Divè 2018 yo nan vil Pyeongchang, nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG