Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kiba : Prezidan Privert Al Asiste Antèman Prezidan Fidel Castro nan La Avàn


Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.
Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.

Biwo kominikasyon prezidans la nan Pòtoprens, Ayiti, pibliye yon kominike ki fè konnen Prezidan Jocelerme Privert, kap gen Premye Dam nan, Madame Ginette Privert, avèk li, ap kite peyi a vandredi 2 desanm 2016 la pou l ale La Avàn, Kiba, kote li pral asiste seremoni ofisyèl entèman Prezidan Fidel Castro Ruz; antèman an pral chante dimanch 4 desanm 2016 la.

Preparasyon pou seremoni antèman Fidel Castro.
Preparasyon pou seremoni antèman Fidel Castro.

Prezidan Privert ap pwofite okazyon an pou l prezante kondoleyans li bay Lafanmi Castro ak gouvènman e pèp kiben an nan non pèp Ayisyen an. Lidè ayisyen an pral retounen Pòtoprens lendi 5 desanm 2016 la.

XS
SM
MD
LG