Accessibility links

Breaking News

Kolonbi-Politik : Yon lòt Trete Lapè ant Gouvènman an ak Pi Gwo Gwoup Guerrila Peyi a (Fòzame Revolisyonè Kolonbi a - FARC)


Patizan nouvo akò a ki tap manifeste sou yon plas piblik nan Bogota, kapital Kolonbi, pou montre kijan yo kontan nouvo dokiman an.
Patizan nouvo akò a ki tap manifeste sou yon plas piblik nan Bogota, kapital Kolonbi, pou montre kijan yo kontan nouvo dokiman an.

Nan Kolonbi, gouvènman an ak pi gwo gwoup guerrila peyi a (Fozame Revolisyonè Kolonbi a - FARC) genyen pou yo siyen, nan jounen jedi 24 novanm 2016 la, yon lòt trete 2 pati yo re-negosye pou mete fen nan yon gè sivil ki la depi plis pase 50 tan. Se lidè FARC la, Rodrigo Londono, ak prezidan lolonbyen an, Juan Manuel Santos, ki pral siyen nouvo dokiman an nan kapital la, Bogota.

Nap raple Prezidan Santos te ranpòte Pri Nobel Lapè ane sa a --yon pri li te resevwa mwa pase a kòm rekonesans pou efò li deplwaye pèsonèlman pou l eseye mete yon fen nan konfli ame a ki koze lanmò plis pase 220 mil moun pandan 5 deseni pandan plizyè milyon lòt te oblije pati kite zòn kote yo tap viv nan Kolonbi.

Sa gen plis pase 4 tran deja depi gouvènman an ak reprezantan FARC ap negosye nan peyi Kiba pou yo chache mete fen nan konfli a. Apre 2 pati yo va fin siyen nouvo dokiman an, gouvènman an pral soumèt li devan palman an pou apwobasyon olye li òganize yon lòt referendum pou mande pèp la ratifye li.

XS
SM
MD
LG