Accessibility links

Breaking News

Ansyen Direktè Jeneral Radyo Nasyonal d Ayiti, Charles A. Abellard, Mouri nan Pòtoprens.


Charles Alexandre Abellard
Charles Alexandre Abellard

Nouvèl ki sòti Ayiti fè konnen mond radyo a ak mond atistisk la ann dèy. Youn nan ansyen direktè jeneral Radyo Nasyonal d Ayiti ak Twoup Teyat Popilè Depatman Enfòmasyon, Charles-Alexandre Abellard, mouri nan wikenn nan.

Misye Abellard se 2èm direktè jeneral Radyo Nasyonal d Ayiti. Li te monte nan tèt enstitisyon sa a an 1979 apre li te pase 2 zan edmi kòm premye direktè pwogramasyon radyo a. Pandan li tap dirije RNH, li te okipe an menm tan pòs direktè ak metè-an-sèn Teyat Popilè Nasyonal d Ayiti, yon branch nan DIRP (Département de l’Information et des Relations Publiques)… Youn nan pyès teyat li te dirije avèk anpil siksè se loreya yon konkou DIRP te òganize e ki rele “National Business”, travay dramatij kapwa Jean Obas. Pyès sa a pase lontan sou lèzond Televisyon Nasyonal d Ayiti avèk aktè tankou Raymonde Jean-François, Wilner Altidor, Jean-Marie (Gabriel) de Lavigne, Lyonel Desmarattes, Jean René Jolibois, Milot Pierre, Jean Denis Ganthier, Sidney Louis, ….

Nan kòmansman ane 80 yo, Charles Alexandre Abellard te enkane pèsonaj Toussaint Louverture nan yon film kou-metraj seneyas ayisyen Bob Lemoine ki te baze sou divès liv sou Revolisyon Sen Domeng la, tankou liv Thomas Madiou, Frantz Omar Fanon ak J.C. Dorsainvil. Adaptasyon liv sa yo pou televizyon sete travay Judith Laventure, yon kolaboratris Charles A. Abellard nan Radyo Nasyonal d Ayiti. Nan film sa a Abellard entèprete powèm Masillon Coicou “Bonaparte, Rends-moi Ma femme et mes Enfants”, yon entèpretasyon ki ta dwe rete yon referans nan iswa l’Art Oratoire ann Ayiti, menm jan ak entèpretasyon “Toussaint Louverture”, yon powèm dramatik oratè, avoka ak abolisyonis ameriken Wendell Philips pa defen òm-teyat e kontanporen Abellard, aktè ak ekonomis Hervé Denis; menm jan tou ak dramatizasyon "Le Combat de Vertières", resi istorik epik Kolonèl Paul Corvington, direktè Akademi MIlitè d Ayiti, yon reyalizasyon radyofonik Bob Lemoine.

Yon ansyen etidyan Charles A. Abellard, Emmanuel Ménard --ansyen direktè Radyo ak Televizyon Nasyonal d Ayiti-- pale de lavi defen pwofesè li nan mikwo Serge Michel.

Emmanuel Ménard ak Serge Michel ap pale de Charles Alexandre Abellard.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:33 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande yon ekstrè entèvyou a.

XS
SM
MD
LG