Accessibility links

Breaking News

Grès-Eleksyon : Yon Gouvènman Kowalisyon Pral Nesesè aprè Lejislativ 6 Me a


Протест пенсинеров в Греции
Протест пенсинеров в Греции
Nan Lagrès, elektè yo pini 2 prensipal pati politik peyi a poutèt yo enpoze yon seri mezi mare sentu ekonomik ki pa popilè ditou, sou demand Unyon Ewòp la.

Pwojeksyon gouvènman an fè sou rezilta eleksyon lejislatif ki dewoule dimanch 6 me 2012 la montre Pati Nouvèl Demokrasi a ranpòte apeprè 19 pou san vwa yo –yon chif ki pa sifi pou l fòme yon gouvènman pou kont li.

Se yon rezilta ki ba anpil lè w konpare li avèl chif pati a te anrejistre nan eleksyon ane 2009 la.

Pwojeksyon yo montre Pati Sosyalis la, Pasok, pral ranpòte 14 pou san vwa yo, tandiske Syriza, yon pati de goch, kapab genyen 16 pou san.

Si pwojeksyon yo tounen verite, lidè pati ki apiye mezi mare senti yo ak lidè pati ki kont plan sa yo pral gen pou yo fè kèk chita-tande sere pou yo fòme yon nouvo gouvènman kowalisyon
XS
SM
MD
LG