Accessibility links

Breaking News

Yon Machin Lapolis Antre sou yon Gwoup Manifestan Devan Anbasad Ameriken an nan Peyi Filipin


Afwontman ant Lapolis nan Filipin ak manifestan devan anbasad ameriken nan Manila, Filipin, 19 Oktòb, 2016.
Afwontman ant Lapolis nan Filipin ak manifestan devan anbasad ameriken nan Manila, Filipin, 19 Oktòb, 2016.

Yon karyòl lapolis antre plizyè fwa sou manifestan ki te angaje nan yon rasanbleman kont Etazini devan anbasad amerikèn nan kapital Filipin nan Maniy, kote plizyè moun blese.

Anviwon mil manifestan te rasanble mèkredi 19 oktòb 2016 la devan anbasad la an pou mande yon fen nan prezans militè Etazini nan Filipin. Lapolis tire gaz e sèvi ak kannon dlo pou dispèse foul la.

Yon manifestan ki blese apre yon van Lapolis te frape l devan anbasad ameriken an nan Manila, Filipin,19 Oktòb, 2016.
Yon manifestan ki blese apre yon van Lapolis te frape l devan anbasad ameriken an nan Manila, Filipin,19 Oktòb, 2016.

Yon videyo montre manifestan yo ki te antoure yon karyòl lapolis e t ap frape l ak baton anvan chofè a te antre karyòl la sou yo plizyè fwa.

Yon lidè manifestasyon an, Renato Reyes, fè konnen 3 manifestan pou pi piti al kouche lopital.

23 manifestan pou pi piti jwenn arestasyon yo pandan rasanbleman an, apre yo te voye penti sou yon gwoup polisye.

Manifestan yo sipòte apèl Prezidan Rodrigo Duterte pou yon politik afè etranjè ki pa depann de alye peyi a, Etazini.

XS
SM
MD
LG