Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Yon lòt Fas-a-Fas ant 2 Kandida yo.


Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump (agoch);- Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton.
Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump (agoch);- Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton.

Ozetazini, 2 kandida a la prezidans yo --Donald Trump pou Pati Repibliken an ak Hillary Clinton pou Pati Demokrat la-- gen pou yo fè deba pou yon twazyèm e dènye fwa nan sware jounen mèkredi 19 oktòb 2016 la nan Inivèsite Eta Nevada, nan vil Las Vegas.

Plizyè milyon elektè ameriken pral gen okazyon pou yo wè 2 advèsè yo tope kòn yo sou pozisyon yo konsènan divès kesyon nan domèn politik nasyonal ak entènasyonal. Nan ti toya yo chak pa sispann voye sou lòt depi lontan deja, yo youn fè konnen advèsè a pa kalifye pou l okipe plas prezidan Lèzetazini.

Prezidan Barack Obama ak Kandida Demokrat la, Hillary Clinton (Foto Achiv).
Prezidan Barack Obama ak Kandida Demokrat la, Hillary Clinton (Foto Achiv).

Yon lòt kote, Prezidan Barack Obama krititike kandida repibliken an deske li fè konprann eleksyon prezidansyèl mwa novanm pwochen an pral chaje ak magouy, sizoka li pa ta ranpòte laviktwa. Misye Obama, ki mete aksan tou sou lwanj Misye Trump ap chante pou Prezidan ris la, Vladimir Putin, pale konsa madi 18 opktòb la nan yon konferans pou laprès li tap bay ansanm ak Premye Minis italyen an, Matteo Renzi, kap fè yon vizit ofisyèl Ozetazini. Mesye Obama di li pa ka konprann poukisa Pati Repibliken an, ki toujou kont Larisi tradisyonèlman, kontinye apiye Donald Trump. Mesye Obama deklare :

"Mesye Trump kontinye flate Prezidan Vladimir Putin nan yon pwen kote li vle adopte stil ak apwòch politik li yo; se yon konpòtman ki san parèy nan istwa politik amerikèn nan."

Prezidan Obama ajoute li potko janm wè ni tande yon kandida a la prezidans lage vèni sou pwosesis elektoral Lèzetazini an menm anvan pwosesis la dewoule, jan Misye Trump ap fè sa a. An tou ka, san kandida repibliken an pa nonmen non Demokrat yo, li di patizan li yo rete veyatif, paske gen magouy ki sou pye, sitou nan grann vil amerikèn yo.

Donald Trump ki tap pale nan yon meeting nan vil Bangor, Eta Maine, nan jounen samdi 15 oktòb 2016 la. 15, 2016.
Donald Trump ki tap pale nan yon meeting nan vil Bangor, Eta Maine, nan jounen samdi 15 oktòb 2016 la. 15, 2016.

"Yo pral eseye fè magouy nan biwodvòt yo nan grann vil yo ki chaje ak koripsyon, kote magouy elektoral se yon bagay ki fèt souvan."

Kontrèman ak Donald Trump, Prezidan Obama panse pwosesis elektoral ameriken an twò desantralize pou moun ta komèt koken ladan li. An plis de sa, lidè repibliken yo gen reprezantan yo kap jere pwosesis la nan preske tout Eta yo.

XS
SM
MD
LG