Accessibility links

Breaking News

Moun nan Peyi Tayland nan Gwo Lapenn pou Wa yo Ki Desede Apre 70 Zan l Pase sou Pouvwa


Yon fi nan peyi Tayland kap kriye pou Wa nan peyi sila ki desede anba yon maladi. Foto: 14 oktòb, 2016.
Yon fi nan peyi Tayland kap kriye pou Wa nan peyi sila ki desede anba yon maladi. Foto: 14 oktòb, 2016.

Lanmò Sa Majeste ki pote tit la depi lontan , Wa Tayland nan Bhumidol Adulyadej, ki rete sou twòn nan pandan 70 lane, se yon gwo kou pou wayòm nan ki gen yon popilasyon 67 milyon moun, ---pi fò nan yo pa konnen okenn lòt wa.

Pèp Taylandè soti nan lari ap kriye pou Wa yo ki mouri anba yon maladi. Foto: 14 oktòb 2016
Pèp Taylandè soti nan lari ap kriye pou Wa yo ki mouri anba yon maladi. Foto: 14 oktòb 2016

Pitit gason li a, ki sanble se Prens eritye kouwòn nan, fè konnen li vle vle pase tan ap pote dèy papa l anvan li moute sou twòn-nan.

Sante monwa pa t bon depi lontan, e li te pase pifò tan l nan dènye moman ki pase yo nan yon lopital nan Bangkok. Sa Majeste Bhumidol moun te rele tou Rama 9, te moute sou twòn-nan lè l te gen 18 lane an 1946 apre lanmò frè l anba bal yon fason misterye, an palan de Wa Ananda Mahidol ki te 20 lane.

Pèp nan peyi Tayland rasanble devan palè peyi dlo nan je, aapre lanmon Wa a
Pèp nan peyi Tayland rasanble devan palè peyi dlo nan je, aapre lanmon Wa a

Premye minis Taylandè-a, Prayuth Chan-ocha, anonse eritye twòn nan jwenn deziyasyon l depi plizyè lane, e kabinè a pral mete desizyon sa a devan palman an.

XS
SM
MD
LG