Accessibility links

Breaking News

2è Deba byen Chofe ant 2 kandida a la Prezidans Lèzetazini yo : Hillary Clinton (Demokrat) ak Donald Trump (Repibliken).


Kandid a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ki tap koute advèsè l la, kandida demokrat la, Hillary Clinton ki tap reponn yon kesyon piblik la nan deba dimanch 9 oktòb 2016 nan Inivèsite Washington, nan vil Saint Louis, Eta Missouri.
Kandid a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ki tap koute advèsè l la, kandida demokrat la, Hillary Clinton ki tap reponn yon kesyon piblik la nan deba dimanch 9 oktòb 2016 nan Inivèsite Washington, nan vil Saint Louis, Eta Missouri.

Ozetazini, kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton, ak advèsè repibliken li a, Donald Trump, tope kòn yo dimanch swa nan yon deba byen chofe nan vil Saint-Louis, Eta Missouri. Sete 2èm deba ant 2 kandida yo; li dewoule nan moman anpil lidè repibliken leve lavwa pou yo mande Misye Trump kite kous la apre yon videyo a te parèt, nan jounen vandredi 7 oktòb 2016 la ki montre yon Donald Trump nan yon entèvyou kote li tap di kijan li konn abize fanm seksyèlman: pa egzanp, yon kote nan entèvou a li di li te chache kouche ak yon madan marye san madanm nan pat vle; e ensidan sa te rive alòske madanm Donald Trump, Melania Trump, te ansent.

Pitit Donald Trum ki tap swiv deba a.
Pitit Donald Trum ki tap swiv deba a.

Depi nan kòmansman deba a, tansyon an te byen wo ant 2 kandida yo. Moun te ka santi sa, paske Misye Trump ak Madanm Clinton te tanmen fas-a-fas la san yo pat ban lanmen tradisyonèl la. Depi sou premye kesyon an, moderatè Anderson Cooper, repòtè chèn televizyon CNN, te mande Misye Trump eksplike deklarasyon li fè sou medam yo sou videyo a ki te anrejistre sa gen 11 zan. Donald Trump di:

“Wi, sa yon bagay ki anbarase mwen. M pa renmen sa k te pase a. Men yon moun dwe konnen sete yon konvèsasyon chanm gason; se jenn gason ki tap pale, e nan konvèsasyon sa yo, se pawòl konsa ki pale.”

Sepandan, Hillary Clinton lonje dwèt sou konvèsasyon sou videyo a kòm yon egzanp ki montre Donald Trump pa kalifye pou l vin prezidan ameriken. Dayè se youn nan tout yon seri deklarasyon ensiltan ki manke fanm yo dega; Donald Trump manke non sèlman fanm dega, men li derespekte ameriken dorijin latino ak mizilman yo tou. Madan Clinton deklare:

“Alòs, deklarasyon sou videyo a montre nou kilès Donald Trump ye tout bon. E kesyon nou dwe poze, kesyon nasyon an nou an dwe reponn, se: Eske Donald ki sou videyo a reprezante nou kòm ameriken.”

Chelsea (pititfi Clinton yo, nan mitan) ak Bill Clinton, pandan yo tap swiv deba a.
Chelsea (pititfi Clinton yo, nan mitan) ak Bill Clinton, pandan yo tap swiv deba a.

Madan Clinton te denonse tou plan Misye Trump di li genyen pou l pwoteje Lèzetazini kont teworis. Plan sa a gen ladan n yon pwogram pou entèdi Mizilman antre sou tèritwa ameriken an; paske anpil atak teworis ki fèt resaman nan mond oksidantal la, se travay imigran mizilman, tankou yon atak ki te touye e blese anpil moun sa pa gen lontan nan vil San Bernardino, nan Eta Kalifòni, Ozetazini. Sou pwen sa a madanm Clinton di:

“Nou pa nan lagè ak Lislam; E se yon erè, se yon avantaj nou pote bay teworis yo si nou aji kòmsi nou te nan lagè ak mizilman yo.”

Donald Trump te eksplike pozisyon n sou dosye a; li bay detay sou sa li vle fè pou kontwole mizilman kap antre Ozetazini.

“Mwen rele sa yon kontwòl ekstrèm. Nou prale bloke moun kap sòti nan rejyon tankou Siri kote moun yo ap sòti pa dizèn de milye, paske Obama ak Hillary pèmèt yo fè sa.”

Donald Trump te denonse tou le fèt ke gen plis pase 30 mil imèl ki disparèt nan kourye elektwonik Madan Clinton, alòske Komisyon Lajistis Kongrè a te lanse manda pou mande wè imèl sa yo. Misye Trump di, si li vin prezidan, lap mande yon avoka federal al fouye pou l chache konnen ki kote imèl sa yo pase.

“Si m ranpòte laviktwa, mwen pral pase minis jistis mwen lòd pou l mande yon enspektè espesyal ouvè je sou sitiyasyon sa a, paske ou bay twòp manti sou dosye a.”

Madanm Clinton te reponn:

Ponyen lanmen ki te mete fen nan deba dimanch 9 oktòb 2016 la.
Ponyen lanmen ki te mete fen nan deba dimanch 9 oktòb 2016 la.

“Tout sa li sòt di la yo se totalman fo. E mwen twouve se yon bèl bagay le fèt ke se pa yon moun ak tanperaman Donald Trump kap dirije jistis peyi nou an.

-Paske ou ta pral nan prizon…”

2 kandida yo -ki te mete fen nan sware a ak yon ponyen lamen-- gen pou yo fè yon 3èm e dènye deba nan dat 19 oktòb 2016 la nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada.

XS
SM
MD
LG