Accessibility links

Breaking News

Siklòn Mathew ap Frape Kòt Sidès Lèzetazini


Siklòn Matthew ap frape Daytona Beach, nan Eta Florid (Vandredi 7 oktòb, 2016).
Siklòn Matthew ap frape Daytona Beach, nan Eta Florid (Vandredi 7 oktòb, 2016).

Ozetazini, otorite yo konsidere Siklòn Matthew tankou yon "mons" ki ka koze gwo dega nan moman sistèm nan ap frape kòt sidès peyi a, sitou Eta Florid. Siklòn malouk sa a deja fè plizyè santèn mò nan Karayib la –espesyalman nan peyi d Ayiti kote li fè omwen 300 viktim daprè chif ki ka ogmante.

Matthew desann nan kategori 3 ak van kap soufle a 100 kilomèt alè epi gwo rafal-van moun te ka konstate byen bone nan kòmansman jounen vandredi a. Sou kòt ès Lèzetazini, otorite yo te pase lòd pou plis pase 2 milyon moun kite kay yo anvan siklòn nan te rive. Plis pase 240 mil moun nan rejyon an deja pa gen kouran elektrik e kantite a ka ogmante pi devan nan weekend nan.

Siklòn Matthew fè dega nan enstalasyon afilye Lavwadlamerik Radio-Tele Nami nan vil Okay, Ayiti, ki sibi gwo devastasyon nan jounen madi 4 oktòb 2016 la. (Foto koutwazi Radyo-Tele Nami, Okay, Ayiti).
Siklòn Matthew fè dega nan enstalasyon afilye Lavwadlamerik Radio-Tele Nami nan vil Okay, Ayiti, ki sibi gwo devastasyon nan jounen madi 4 oktòb 2016 la. (Foto koutwazi Radyo-Tele Nami, Okay, Ayiti).

Daprè nouvèl ki sòti nan pati sid Eta Florid, kòmandan fòs zame amerikèn yo pou rejyon karayib la, Amiral Kurt Tidd, fè laprès konnen Lèzetazini ap voye 9 elikoptè militè, yon pòt-avyon ak twoup militè kòm repons pou yon demand gouvènman ayisyen fè pou ede popilasyojn sinistre a. Kèk nan elikoptè yo ap ekipe yon fason pou yo jwenn moun ki disparèt yo; genyen kap la sèlman pou transpòte powovizyon.

Direketè Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Dave Herman, pale pou l di gouvènman ameriken an ap travay sere-sere ak Lakwa Wouj Ayisyèn e ak Sekou Katolik pou garanti sekou al jwenn moun ki nan zòn ki pi vilnerab yo nan peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG