Accessibility links

Breaking News

3 Pwofesè Inivèsite Ameriken Ranpòte Pri Nobèl Fizik 2016 la

Pri Nobel Fizik 2016 (de goch a dwat): David J. Thouless, F. Duncan Haldane, J. Michael Kosterlitz.
Pri Nobel Fizik 2016 (de goch a dwat): David J. Thouless, F. Duncan Haldane, J. Michael Kosterlitz.

3 pwofesè inivèsite amerikèn ranpòte Pri Nobel Fizik la ane sa a pou travay yo reyalize sou Eta Matyè Egzotik yo, dapre sa Jiri Pri Nobèl la anonse jodi madi a.

Manm Akademi wayal Layans la nan vil Stockholm, nan Peyi La Suèd : Nils Martensson, Goran K Hansson ak Thomas Hans Hansson, chita anba foto 3 loreya Pri Nobel Fizik 2016 yo: David Thouless, Duncan Haldane ak Michael Kosterlitz. (Foto: 4 oktòb 2016).

Byen ke 3 savan sa yo ap anseye nan inivèsite amerikèn, yo te pran nesans nan peyi La Grann Bretay. Non yo se David J. Thouleess, F. Duncan Haldane avèk J. Michael Kos-ter-litz.

Ak travay 3 loreya sa yo reyalize, yo brake yon limyè totalman nèf pèsonn pa tap tann sou konpòtman materyèl solid yo e yo ede moun konprann konpòtman sa a pi byen. Se konsa tou, 3 pwofesè yo rive devlope pwòp ekwasyon matematik yo pou yo eksplike pwopriyete nouvo konpòtman sa a.

XS
SM
MD
LG