Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Premye Deba 2 Kandida yo Dewoule nan New York


Donald Trump (agoch) ak Hillary Clinton anvan deba a te kòmanse nan sware lendi 26 septanm nan nan vil Hempstead, nan New York. (Foto: AP/Evan Vucci).
Donald Trump (agoch) ak Hillary Clinton anvan deba a te kòmanse nan sware lendi 26 septanm nan nan vil Hempstead, nan New York. (Foto: AP/Evan Vucci).

Ozetazini, 2 kandida a la prezidans yo, Repibliken Donald Trump ak Demokrat Hillary Clinton, mete devan elektè potansyèl yo plan yo chak genyen pou ekonomi amerikèn nan e pou wòl Lèzetazini ap jwe a letranje nan premye deba televize yo ki dewoule nan sware lendi 26 septanm nan nan Inivèsite Hofstra, nan New York. Se premye nan 3 deba komite òganizatè eleksyon an pwograme anvan vòt la ki fikse pou madi 8 novanm 2016 la.

Kandida a la prezidans Pati Repibliken an, nan premye deba li avèk Hillary Clinton nan Inivèsite Hofstra, nan vil Hempstead, Eta New York. Dat: 26 septanm 2016.
Kandida a la prezidans Pati Repibliken an, nan premye deba li avèk Hillary Clinton nan Inivèsite Hofstra, nan vil Hempstead, Eta New York. Dat: 26 septanm 2016.

Misye Trump repete yon deklarasyon li te fè plizyè fwa kote li di Madanm Clinton manke jèvrin, li pa gen kran ase pou l vin prezidan Lèzetazini; daprè li, ansyen Sekretè Deta a te pratike kèk politik ki debouche sou anpil nan pwoblèm peyi a ap konfwonte jounen jodi a –pami yo genyen menas Gwoup Eta Islamik la poze.

Bò kote pa l, Hillary Clinton prezante plan ekonomik Donald Trump yo kòm plan ki tap favorize moun rich yo e non pa klas travayè a. Kandida demokrat la di advèsè l la pa vle pibliye dosye taks li paske swa: 1. li pa rich jan li vle fè moun konprann nan; swa 2.- li pa depanse pou l ede òganizasyon charite yo jan li di sa a ; oubyen 3.- lap kache kèk bagay ki ta montre li tap nan konfli denterè si li vin prezidan.

Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pandan deba Lendi 26 septanm nan.
Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pandan deba Lendi 26 septanm nan.

Pou Madan Clinton rejte dout Misye Trump lage sou kapasite li pou l dirije Lèzetazini, li reponn pou l di lè misye va vwayaje nan plis pase 100 peyi, negosye pou lapè ak seselfe oubyen pou l jwenn liberasyon disidan, lè li va pase anviwon 11 zèdtan ak reponn kesyon yon komisyon kongrè a san fayi, lè sa a misye va vin pale de “kran”, “jèvrin”, ak “brenn” avè l. Donald Trump reponn pou l di menm lè Hillary Clinton gen eksperyans, se sa li rele “move eksperyans”.

Pwochen deba ant 2 kandida a la prezidans yo fikse pou 9 oktòb pwochen; anvan sa, 2 kandida pou plas Vis Prezidan an, Demokrat Tim Kaine ak Repibliken Mike Pance, gen pou tope kòn yo nan yon fas-a-fas ki pral dewoule nan sware jounen 4 oktòb 2016 la.

XS
SM
MD
LG