Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: OCID Mande pou Tout Ayisyen Patisipe nan Efò pou Anpeche Vyolans Fèt nan Eleksyon ki Fikse pou 9 Oktòb 2016 yo


OCID Mande pou Tout Ayisyen Patisipe nan Efò pou Anpeche Vyolans Fèt nan Eleksyon ki Fikse pou 9 Oktòb 2016 yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:39 0:00

Obsèvatwa Sitwayen pou Enstitisyonalizasyon Demokrasi (OCID), ki fòme ak kèk òganizasyon nan soyete sivil la ak dwazimen, mande tout Ayisyen pou y al vote nan prochen eleksyon yo.Abdonel Doudou ki se yon manb OCID deklare si tout ayisyen al vote e si yo kolabore ak otorite ki responsab sekirite yo, eleksyon yo ap byen pase.

Yon lòt kote, Prezidan chanm Sena peyi D Ayiti a, Ronald Lareche, mande lapolis, pou yo prezan tout kote ki gen Sant vòt yo. Senatè Lareche lanse apèl pou tout kòlèg li yo, senate ak depite, pran anpil prekosyon pandan jou eleksyon an pou vòt la ka byen pase.Prezidan Sena ayisyen ajoute, "li nan enterè nou tout pou eleksyon yo byen pase.” Fen sitasyon.

OCID salye avanse li di kap fèt nan prosesis elektoral la e yo anonse yon deplwaman anviron 1500 manb yo nan tout peyi a pou obsève eleksyon yo nan jounen dimanch 9 oktòb 2016 la.

Korespondan Lavwadlamerik Florence Lisené gen yon repòtaj sou video sou rankont OCID ak Prezidan Sena ayisyen an.

Klike sou lyen anlè atik la pou ou gade video repòtaj Florence la.

XS
SM
MD
LG