Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Anonse Kòmansman Distribisyon Materyèl Non-Sansib yo


An Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse responsab yo kòmanse distribiye materyèl non-sansib yo nan kad preparasyon eleksyon prezidansyèl ak lejislatif pasyèl ki fikse pou 9 oktob 2016 la. KEP a fè anons la nan jounen 6 septanm 2016 la nan yon konferans pou laprès kote direktè rejis elektoral la, Philippe Augustin, te pote detay sou operasyon distribisyon an.

NOUVEL SOU PREPARASYON ELEKSYON YO ANN AYITI - VWA: Jacquelin BELIZAIRE/Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:27 0:00

Nan menm konferans pou laprès la otorite elektoral yo fè yon sòt de mizajou sou avansman pwosesis la. Daprè korespondan nou Florence Lisené, nan okazyon an direktè sant tabilasyon an, Robinson Chérilus, di responsab yo pran tout dispozisyon pou kontwòl ak trètman bilten vòt yo fèt nan transparans.

Anfen direktè ekzekitif KEP a, Uder Antoine, rejte tout enfòmasyon ki ta fè kwè li te rankontre ak endistriyèl Andy Aped nan sant tabilasyon elektoral la. Misye Antoine demanti nouvèl kòmkwa endistriyèl la ta gen aksè nan sant la.

XS
SM
MD
LG