Accessibility links

Breaking News

Ayiti Edikasyon : Re-Ouvèti Lekòl Fèt Lendi 5 Septanm 2016 la


Ayiti - Edikasyon:

Ann Ayiti, lekòl yo relouvri pòt yo timidman ann Ayiti lendi 5 septanm nan. Seremoni lansman reouvèti sa a dewoule byen bonè nan kòmansman jounen an nan Lekòl Nasyonal Repilik Etazini nan Pòtoprens. Direkè Ansèyman Segondè a, Job Maurice, bay Lavadlamerik plis detay nan mikwo Jean-Pierre Leroy.

Ayiti-Politik:

Moise Jean-Charles, kandida a la prezidans Platfòm Pitit Desalin
Moise Jean-Charles, kandida a la prezidans Platfòm Pitit Desalin

Moise Jean-Charles, kandida a la prezidans Platfòm Pitit Desalin, twouve li nan New York sou envitasyon majistra vil la, Bill de Blasio, nan okazyon Fèt Travay ameriken an, Labor Day, kote anpil aktivite popilè tankou kanaval ak defile mizikal toujou dewoule nan jounen premye lendi mwa septanm nan. Lyonel Desmarattes kontakte Misye Jean-Charles pou yon entèvyou konsènan pwosesis elektoral la e sou kanpay platfòm politik Pitit Desalin. Moise Jean-Charles pale, antwòt, de sa ki fè diferans la ant li-menm ak lòt kandida ki sou teren an ann Ayiti.

NOUVEL AYITI POU LENDI 5 SEPTANM 2016 LA - VWA: Jacquelin BELIZAIRE/Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:17:45 0:00

Ayiti-Aktivite Lejislatif:

Chanm Depite a ap òganize yon sesyans nan jounen madi 6 septanm 2016 la pou modifiye Lwa sou Blanchiman Lajan an ak Reòganizasyon Inite Santral Ransèyman Finansye, UCREF. Depite Alfredo Antoine, ki reyaji sou dosye sa a, anonse li pral ensiste pou UCREF gen aksè ak baz done bank yo.

Ayiti - Telekominikasyon:

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ap kolabore avèk Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil (OPNAC) pou rezoud pwoblèm frekans radyo kap brouye kominikayson ant pilòt yo ak tou de kontwòl ayeropò entènasyonal la nan Pòtoprens. Dirkektè CONATEL la, Jean-Marie Altéma, te bay yon konferans po laprès kote li abòde dosye sa a ak jounalis yo.

XS
SM
MD
LG