Kongrè Mondyal pou Konsèvasyon Espas Natirèl yo inogire, nan jounen jedi premye septanm 2016 la, yon konferans 10 jou sou Plaj Waikiki nan vil Honolulu, Zile Awayi, Ozetazini. Plizyè milye lidè mondyal, ofisyèl kap planifye pwogram politik ak militan kap defann anviwònman reponn prezan nan konferans la ki dewoule chak 4 tran.
Nan okazyon konferans entènasyonal sa a, prezidan ameriken an, Barack Obama, ap pase yon tan nan Awayi, Eta kote li te grandi a, yon semèn apre li te fin double dimansyon moniman Lanmè Nasyonal Papahnaumokukea, kote li kreye pi gwo moniman nan lemond ki sitiye sou lanmè.
La Mezon Blanch fè konnen zòn pwoteje a kouvri yon sifas 362 mil kilomèt kare. Apre sa, lidè ameriken an gen pou l vwayaje nan peyi Lachin pou somè G-20 an kote li fè konnen chanjman klimatik yo pral reprezante yon pwen enpòtan nan diskisyon yo.