Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon kont Grangou ak Lavi Chè ap Kontinye nan Venezuela


Patizan opozisyon an ki te pran lari Caracas nan jounen jedi premye septanm 2016 la.
Patizan opozisyon an ki te pran lari Caracas nan jounen jedi premye septanm 2016 la.

Plizyè santèn milye moun ki kont prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, òganize yon mach nan lari kapital la, Caracas, jedi premye septanm 2016 la; kèk nan yo te sòti nan vilaj ki byen lwen nan rejyon Amazòn nan.

Manifestan yo tap rele slogan “Venezuela nan grangou!” Yo tout te abiye an blan pandan yo tap mache nan pati lès vil la. Manifestan yo ap mete presyon pou yon referandòm dewoule kont administrasyon Maduro a nan moman popilarite rejim nan bese desann nan nivo 25 %.

Pèp souvren ki tap manifeste nan pati lès kapital Venezuela a, Caracas (Foto: Jedi 1e septanm 2016)..
Pèp souvren ki tap manifeste nan pati lès kapital Venezuela a, Caracas (Foto: Jedi 1e septanm 2016)..

Opozisyon an te espere mete yon milyon moun nan lari pou manifestasyon sa a. Venezuelyen yo gen lontan depi yap soufri anba yon resesyon ak yon enflasyon 3 chif (jiska 700 %), mete sou yon mank manje ak pwodui premye nesesite ki afekte tout popilasyon an. Youn nan lidè opozisyon an, Jesus Torrealba, manm Pati Inite Demokratik Bò Tab la, pwomèt manifestasyon sa yo ap rete pasifik.

XS
SM
MD
LG