Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon : Donald Trump Ranfòse Pozisyon li Kont Imigran Ilegal yo

Kandida repibliken an, Donald Trump, ki tap pale pandan yon meeting de mas nan Convention Center vil Phoenix la, Eta Arizona, mèkredi 31 out 2016 la. Apre li te fin montre souplès sou imigrasyon, Trump afiche premye pozisyon liyn di li a sou dosye a.

Ozetazini, kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, mete fen nan yon brèf peryòd kote li te afiche yon pozisyon soup sou dosye imigrasyon an.

Nan jounen mèkredi 31 out 2016 la, pandan Misye Trump tap fè yon diskou nan vil Phoenix, Eta Arizona, sou refòm li ta renmen pote nan sistèm imigrasyon an si se li ki monte sou pouvwa a apre eleksyon novanm 2016 la, li deklare li pare pou l fè depòte plizyè milyon imigran kap viv san papye legal nan peyi a e li pran yon fèm angajman yon lòt fwa ankò pou l bati yon mi sou fwontyè sid Lèzetazini an --swa fwontyè peyi a pataje ak Meksik la. Kandida a repete lap fè Meksik peye pou konstriksyon mi sa a. Jedi premye septanm 2016 la, Donald Trump ekri sou kont Twitter :

Donald Trump, jedi premye septanm 2016, nan Cincinnati, Eta Ohio.
Donald Trump, jedi premye septanm 2016, nan Cincinnati, Eta Ohio.

“Meksiken yo poko konn sa; men se yo menm ki pral peye 100 pou san pou konstriksyon mi sa a. Wi, Meksiken yo se yon gran pèp; yo genyen gran lidè; men se yo ki pral peye pou mi an. Depi sou premye jou m sou pouvwa a, nou pral kòmanse travay sou yon mi pou fwontyè sid nou an. Se pral yon mi enpenetrab, byen wo, byen solid e lap byen bèl.”

Advèsè demokrat Misye Trump la, Hillary Clinton, reyaji pou l di yon diskou kote yon moun chanje pozisyon pap fè anyen pou li merite konfyans pèp ameriken an. Madam Clinton ajoute:

Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, ki tap pale nan okazyon 98èm Konvansyon Anyèl Lejyon Amerikèn nan nan Convention Center Enèji Duke la nan vil Cincinnati, Ohio, mèkredi 31 out 2016 la.

“Sa mande plis pase yon okazyon pou w pran foto. Sa mande konstans ak merit konfyans. Se kòmsi wap prepare yon relasyon pèsonèl. Moun fèt pou konnen yo kapab konte sou ou…. ou pap di yon bagay jodi epi demen ou chanje pawol…”

Se 2 tip diskou, 2 stil ki montre diferans ant 2 kandida yo sou dosye imigrasyon an. Nan dat 8 novanm 2016 la, se pèp ameriken an ki va deside kilès nan 2 kandida yo ki merite konfyans li pou pote refòm nan imigrasyon an epi jere avèk plis siksè politik nasyonal ak entènasyonal Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG