Accessibility links

Breaking News

Ranfòsman Sekirite a ann Ayiti Pandan Dat Eleksyon yo ap Pwoche


Ann Ayiti, sou otorizasyon minis jistis la, Sekretè Deta Sekirite piblik la pral reyalize yon toune nan 10 depatman peyi a pou evalye plan sekirite a avan dewoulman eleksyon yo

Toujou nouvèl konsènan dosye elektoral la: Dirijan Pati Fizyon Sosyo-Demokrat yo, ansyèn senatris Edmonde Supplice-Beauzile, lanse apèl nan wikenn nan pou l mande otorite yo ranfòse sekirite a nan peryòd eleksyon an dekwa pou pèp la kapab al vote an tout konfyans pou chwazi pwochen lidè peyi a san kè-sote.

Anfen lekòl nan peyi d Ayiti ap pare pou ouvè pòt yo nan premye semèn mwa septanm 2016 la. Sepandan anpil paran nan rejyon Plato Santral la poko konnen kijan yo pral fè pou yo ede pitit yo retounen nan sal de klas yo, paske yap fè fass ak gwo difikilte ekonomik.

Klike sou lyen anlè a pou w swiv devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG