Accessibility links

Breaking News

Polis Nasyonal d Ayiti Anonse Sezi Plizyè Kilo Kokayin ak Marijuana


Ann Ayiti, PNH ( Polis Nasyonal d Ayiti) anonse li pran tout dispozisyon pou l bay popilasyon an sekirite pandan dat 2 gwo evennman nasyonal ap pwoche: ouvèti ane eskolè a avèk dewoulman eleksyon yo (lejislatif ak prezidansyèl). Yon lòt kote, lapolis sezi plizyè kilo kokayin ak marijuana nan kad dènye operasyon li mennen nan peyi a. Pòtpawòl adjwen PNH la, Enspektè Gary Desrosiers, fè bilan operasyon enstitisyon polisyè-a soti lendi 15 pou rive vandredi 26 out 2016 la.

Jude Célestin
Jude Célestin

Kandida a la prezidans pati Lig Altènativ pou Pwogrè ak Emansipasyon Ayisyèn (LAPEH), Jude Célestin, lanse sa li rele "yon operasyon pòtapòt" nan kad kanpay li ouvè pou eleksyon 9 oktòb yo. Korespondan nou Exalus Mergenat prepare e prezante yon repòtaj sou pasaj kandida Celestin nan vil Gonaives pandan jounen jedi 25 out 2016 la.

MH 370 japan flag
MH 370 japan flag

Peyi Japon fè Ayiti kado 850 tòn metrik diri ki koute 4 milyon dola ameriken. Direktè Biwo Monetizasyon BMPAD, Patrick Norame --ki rankontre ak anbasadè japonè a nan Pòtoprens, Yo-shia-ki Hatta, nan jounen jedi 25 out 2016 la, presize kisa leta ayisyen pral fè ak lajan diri sa a li pral mete an vant sou mache nasyonal la. Anbasadè Hatta, bò kote pa l, deklare Tokyo mete diri sa a a la dispozisyon Leta ayisyen pou Japon ka ede moun ki viktim sechrès yo e, an menm tan, bay Ayiti konkou li bezwen pou l kapab konbat ensekirite alimantè a.

NOUVEL AYITI POU VANDREDI 26 OUT 2016 LA - VWA: Jean-Pierre LEROY/Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:49 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopmam nouvèl sa yo ak Jean-Pierre Leroy e Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG