Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ekonomi: Presizyon Gouvènman an sou Desizyon pou l Anile Ogmantasyon Pri Gaz la


Gouvènman ayisyen an sispann pwovizwaman desizyon li te pran pou l ogmante pri pwodwi petwolye yo sou mache nasyonal la. Premye Minis Enex Jean Charles -ki bay presizyon sou desizyon an nan jnounen mèkredi 24 out 2016 la- fè konnen diskisyon yo ap rapouswiv ak aktè konsène yo avan otorite finansye yo pran yon desizyon final.

Nouvèl Ayiti pou jedii 25 out 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:30 0:00

Sena ayisyen an, ki te pran yon rezolisyon pou mande gouvènman an retounen sou desizyon an, felisite otorite yo pou deizyon yo pran pou yo anile ogmantasyon pri pwodui petwoplye yo. Nan non Gran Kò a, senatè Steeven Benoit ak Antonio Charamy eksprime satisfaksyon yo.

Yon lòt kote, Minis Ekonomi ak Finans ayisyen an, Yves Romain Bastien -ki te rankontre ak manm komisyon finans Chanm Depite a-- deklare desizyon pou ogmantasyon pri pwodui petwolye yo pat gen anyen pou wè ak sitiyasyon an sou mache entènasyonal la, men pito ak yon rediksyon Leta ayisyen fè nan sibvansyon pwodui sa yo.

Dosye elektoral: Premye Minis Enex Jean-Charles anonse gouvènman an pral dekese 11 milyon dola an plis pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) nan mwa septanm pwochen kòm yon pati nan finansman ki nesesè pou òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Anfen, nan kad preparasyon ouvèti ane eskolè a ki fikse pou 5 septanm 2016 la, Premye Minis Jean-Charle di gouvènman li a dispoze 505 milyon goud pou ede Depatman Edikasyon Nasyonal kouvri frè pou imobilye, amenajman ekòl piblik yo e pou onore aryere salè yo nan kad Programne Scolarisation Universelle Gratuite Obligatoire (PSUGO).

XS
SM
MD
LG