Accessibility links

Breaking News

Je Zolenpik yo Pran Fen Nan vil Rio, O Brezil


Jezolenpik 16 jou ki dewoule nan vil Rio de Jeneiro, nan peyi Brezil, kote 11 mil atlèt ki te sòti nan 200 peyi te patisipe, rive nan bout li nan fen jounen dimannch 21 out 2016 la. Se premye fwa konpetisyon entènaysonal sa a dewoule nan rejyon Amerik di Sid la.

Dewoulman gwo selebrasyon entènasyonal sa a nan Rio se yon veritab siksè malgre gwo difikilte politik e ekonomik Brezil ap konfwonte mete sou divès plent moun te pote pou denonse krim, dlo koulè vèt moun te konstate diferan kote pandan evennman espòtif yo, san bliye anpil biyè ki pat vann pou plizyè nan konpetisyon yo. Yon gwo kè-sote ki pat janm rive frape pèsonn se viris Zika a ki te pouse plizyè espesyalis lasante lanse apèl pou yo mande ranvwaye jezolenpik yo.

Usain Bolt, atlèt jamayiken.
Usain Bolt, atlèt jamayiken.

31èm olenpyad sa yo sete yon okasyon pou anpil atlèt briye kou mil solèy: pa egzanp, kourè jamayiken Usain Bolt ki jwenn mwayen ajoute 3 lòt meday dò sou palmarès li ki te deja genyen 6 meday an lò masif ; egal kounyela a li genyen 9 :3 pou kous 100 mèt la, 3 pou kous 200 mèt la ak 3 pou kous relè 100mx4 (mo “bolt” la vle di an anglè “kout zèklè”, "kout loray").

Michael Phelps ak drapo ameriken an nan men li aprè ekip li a te fin ranpòte naj relè 100mx4 la nan Rio.
Michael Phelps ak drapo ameriken an nan men li aprè ekip li a te fin ranpòte naj relè 100mx4 la nan Rio.

Se konsa tou najè ameriken Michael Phelps fè kantite meday dò olenpik li yo monte rive 23, paske li pase men pran 5 nan Rio. Epi jenn jimnast amerikèn Simone Biles bay yon pèfòmans ekstwòdinè ki pèmèt li kite Brezil avèk 4 meday dò plis yon meday bwonz. Manmzèl sete youn nan sansasyon evennman an; sete yon plezi pou anpil moun -menm atlèt parèy li- pran foto avèk li.

Jimnast amerikèn Simone Biles ki te montre yon ekilib pafè epi pran yon skò pafè tou (10 sèlman) pou yon pèfòmans san parèy nan Jezolenpik Rio yo, o Brezil, nan dat 17 out 2016 la.
Jimnast amerikèn Simone Biles ki te montre yon ekilib pafè epi pran yon skò pafè tou (10 sèlman) pou yon pèfòmans san parèy nan Jezolenpik Rio yo, o Brezil, nan dat 17 out 2016 la.

Nan seremoni ki fèmen jezolenpik yo, prezidan Komite Entènasyonal Olenpik la, Thomas Bach, te remèt drapo olenpik la bay Madam Yuriko Koike, nouvo gouvènè vil Tokyo a kote pwochen olenpyad yo pral dewoule nan lane 2020. Daprè Misye Bach, jwèt Rio yo sete yon veritab siksè ki “kite yon bèl eritaj pou jenerasyon kap vini yo.” Pwochen Je Divè yo pral dewoule nan Kore di Sid alòske Lachin deja ap prepare l pou òganize Je Divè 2022 yo.

XS
SM
MD
LG