Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Donald Trump Mande Apui Larisi Kont Hillary Clinton


Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.
Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.

Atyalite elektoral la Ozetazini: Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ankouraje Larisi, nan jounen mèkredi 27 jiyè 2016 la, pou l chache antre sou imèl prive kandida pati demokrat la, Hillary Clinton, pou Larisi kapab jwenn yon afè de 30 mil kourye elektwonik ki manke nan korespondans Madam Clinton te resevwa oubyen voye bay moun pandan li te Sekretè Deta.

Donald Trump ki tap pale ak laprès mèkredi 27 jiyè 2016 la nan vil Dora, nan Eta Florid, kote li mande pou Larisi antre sou imèl prive Hillary Clinton. (Foto: AP/Evan Vucci)
Donald Trump ki tap pale ak laprès mèkredi 27 jiyè 2016 la nan vil Dora, nan Eta Florid, kote li mande pou Larisi antre sou imèl prive Hillary Clinton. (Foto: AP/Evan Vucci)

Pandan Misye Trump tap pale ak laprès, li deklare :

“Se yon bagay ki ta enteresan pou moun konnen. Men sa map di: Larisi, si wap koute m la, m espere ou va kapab jwenn 30 mil imèl ki disparèt yo. Mwen panse si w fè sa, ou va jwenn gwo rekonpans nan men laprès amerikèn.”

Donald Trump ajoute li posib pou Moskou deja genyen imèl sa yo ki, daprè Madam Clinton, se kourye elektwonik prive li te efase pandan li tap dirije diplomasi Lèzetazini an.

XS
SM
MD
LG