Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: 4èm Echèk Esè pou Oganize Asanble Nasyonal la / Desepsyon Kominote Entènasyonal la


Kò Gwoup la --ki gen ladan n reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, anbasadè peyi Brezil, Kanada, Lespay, Lafrans, Etazini, Inyon Ewòp la ak reprezantan espesyal Òganizasyon Eta Ameriken yo-- eksprime regrè yo apre echèk yon 4è tantativ pou òganize Asanble Nasyona la akoz absans palmantè gwoup minoritè a. Prensipal objektif seyans la sete pou plamantè yo pwononse yo sou pwochen dirijan pwovizwa peyi a apre fen manda Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, dapre atik 7 akò 5 fevriye 2016 la. Kò Gwoup la lanse apèl bay palmantè yo pou mande yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo repran sesyon ann asanble nasyonal la yon fason pou mete fen nan ensètitid ki egziste nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou lendi 18 jiyè 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:00 0:00
Direct link

Bò kote pa l, Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, Luis Almagro, eksprime gwo kè sote l konsènan enkapasite palmantè ayisyen yo demontre pou yo òganize seyans ann asanble nasyonal la pou garanti pi bon mwayen pou estabilite enstitisyonel tabli nan peyi a. Misye Almagro ankouraje kontinuite pwosesis elektoral la. Numero 1 l OEA a di yon tigwoup moun pa kapab pratike taktik dilatwa pou kenbe peyi a ann otaj. Sitiyasyon an grav, dapre Misye Almagro, ki ajoute li lè li tan pou Ayisyen yo pran yon desizyon final pou debloke peyi a.

Yon lòt kote, palmantè yo kontinye reyaji apre echèk seyans ann asanble nasyonal la ki te sipoze dewoule jedi 14 jiyè 2016 la. Senatè Antonio Cherami, ki reyaji sou sitiyasyon an, mande Prezidan Privert pran responsabilite l fas ak popilasyon an ki, daprè li, ap mouri grangou.

Senatè Karl Murat Cantave ak Senatè Jean-Marie Salomon gen pozisyon diferan sou fason kriz la dwe rezoud. Senatè Cantave dakò pou gen yon kansansis san Prezidan Privert, alòske Senatè Salomon, ki di li "apiye aplikasyon konstitisyon an", vle yon konsansis ak yon fèy de wout k ap pèmèt Misye Privert rete sou pouvwa a pou l òganize eleksyon yo.

Anfen, plizyè òganizasyon fanm denonse fèmti sant ospitalye yo nan Depatman Nòdwès la depi 4 mwa. Selon òganizasyon sa yo, se popilasyon pòv la ki viktim fèmti lopital yo.

XS
SM
MD
LG