Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Lidè Palman an Konvoke Manmm 2 Chanm yo an Asanble Nasyonal la pou Jedi 14 Jiyè 2016 la


New Lower HOuse-1
New Lower HOuse-1

Ann Ayiti, senatè yo ak depite yo gen pou kontinye, pandan jounen jedi 14 jiyè 2016 la, seyans asanble nasyonal la ki te sispann nan dat 28 jen 2016 la, apre yon gwoup palmantè minoritè te abandone sesyon an. Responsab yo fè konnen gen anpil avanse ki fèt nan diskisyon sou yon fèy de wout k ap defini pwogram politik gouvènman prezidan ki pral dirije peyi a avèk, antwòt misyon, òganizasyon pwochen eleksyon yo. Prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, ak prezidan a.i. sena a, Ronald Larèche, di fèy de wout la se yon dokiman an 18 pwen ki pale de manda prezidan pwovizwa a, ki mande yon pase-men nan administrasyon piblik la epi bay detay sou dewoulman eleksyon ki fikse pou mwa d'oktòb 2016 la.

Nouvèl Ayiti pou jedii 14 jiyè 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:12 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon gwoup senatè deside ofri 2 mwa salè yo (out ak septanm) kòm kontribisyon pèsonèl yo nan leve fon ki nesesè pou pèmèt Ayiti oganize pwochen eleksyon yo. Palmantè sa yo pran desizyon sa a apre otorite ameriken konsène yo te anonse administrasyon Obama a pap patisipe nan finansman pwochen eleksyon yo.

Anfen, chèf gouvènman lokal yo patisipe nan yon fowòm 2 jou gouvènman santral la te mete sou pye avèk objektif pou fè nouvo majistra yo pran konsyans de defi k ap tann yo nan plizè domèn, tankou finans, sekirite ak amenajman teritwa a. Prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, bay garanti gouvènman li a pral ede 140 meri yo peye dèt yo genyen.

XS
SM
MD
LG