Accessibility links

Breaking News

Direktè Jeneral Ajans ki sou Tèt Lavwadlamerik la, Jeff Shell, Pa Ka Antre nan Larisi


 Jeff Shell, direktè jeneral BBG, ajans ki patwone Lavwadlamerik la. Li se direktè tou Universal Filmed Entertainment Group, Universal Studios. (Foto achiv).
Jeff Shell, direktè jeneral BBG, ajans ki patwone Lavwadlamerik la. Li se direktè tou Universal Filmed Entertainment Group, Universal Studios. (Foto achiv).

Jeff Shell, Prezidan Broadcasting Board of Governors, BBG, biwo ki nan tèt Vwadlamerik la e ki se an menm prezidan direktè jeneral NBC Universal, pat jwenn otorizasyon pou l antre nan peyi Larisi kote otorite yo te kenbe l sou lakonsiyn pandan plizyè èdtan aprè li te desann yon avyon ki te mennen li Moskou nan kad yon vwayaj dafè semèn sa a.

Misye Shell, ki prezide ajans ki kontwole Lavwadlamerik, Radyo Ewòp Lib ak lot ògàn laprès gouvènman ameriken an, te wè otorite yo wete l nan yon liy imigrasyon lè l te rive Moskou e yo te mete l nan yon sal datant. Apre responsab sekirite Larisi yo te fin pale ak li nan yon chanm fèmen pandan plizyè èdtan, yo te akonpaye l abò yon avyon ki ta prale nan vil Amsterdam, nan peyi La Oland.

Jeff Shell di kòlèg ki tap fè vwayaj la avèk li yo responsab sekirite ris yo fè konnen entèdiksyon pou li pa antre nan Larisi a ap rete valab pou tout rès vi li.

XS
SM
MD
LG