Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Asanble Nasyonal la Pral Deside Kenbe oubyen Ranplase Prezidan Jocelerme Privert


Jocelerme Privert
Jocelerme Privert

Palman ayisyen an ap reyini ann asanble nasyonal nan jounen madi 21 jen an pou deside sou chwa yon pwochen lidè apre manda 120 jou Prezidan Jocelerme Privert te ekspire 14 jen pase a. Nan yon mesaj chèf deta a mete devan nasyon an, li di se li kap dirije Ayiti toujou menm si lap tann desizyon asanble nasyonal la.

Nouvèl Ayiti pou madi 21 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Ann Ayiti, palmantè yo pa antann yo sou kesyon pou konnen si wi ou non yo dwe jwenn yon akò pou pèmèt Misye Privert rete sou pouvwa a jiskaske eleksyon yon nouvo prezidan fin dewoule pou li pou prete sèman 7 Fevriye 2017. Daprè medya yo, yon gwoup palmantè ta renmen wè pouvwa al jwenn yon manm kou kasasyon an, tandiske yon lòt group swete Premye Minis la, Enex Jean-Charles, ak kabinè ministeryèl la pran kòn peyi a pou yo kontinye pwosesis elektoral la.

Pandanstan delè pou kandida a la prezidans ki te patisipe nan eleksyon oktòb 2015 la konfime patisipasyon yo nan vòt oktòb 2016 la, ap bout mèkredi 22 jen an. Jiska lendi 20 jen an, se sèlman 7 kandida ki te konfime patisipasyon yo. Pami yo nou jwenn kandida Pati Fanmi Lavalas, Doktè Maryse Narcisse. Kandida PHTKH a, Jovenel Moise, kandida LAPEH a, Jude Celestin, ak kandida Platfòm Pitit Dessalin nan, Moise Jean-Charles, poko konfime kandidati yo.

Yon ansyen kandida ala prezidans, Chavannes Jean-Baptiste (Kontra Pèp la) fè konnen divizyon ki genyen nan palman sou kesyon pou konnen eske asanble nasyonal la dwe kenbe Jocelerme Privert sou pouwva a oubyen ranplase li nan tèt egzekitif la, kapab fè li difisil pou Prezidan pwovizwa a kontinye dirije peyi a si palmantè yo pa jwenn yon akò politik sou kesyon an. Korespondan nou Josué Joseph bay detay depi vil Hench.

Sou menm kesyon an, yon manm palman Eta New Hampshire la, Depite Luniol Jeudy ki gen orijin ayisyèn, kwè asanble nasyonal la ta dwe jwenn yon akò politik pou l pèmèt yon manm pouvwa jidisyè a kontinye pwosesis elektoral la. Yon lòt kote, sitiyasyon kriz kap devlope ann Ayiti a, kote absans yon prezidan kontitisyonèlman eli kapab kreye yon vid enstitisyonèl, genyen konsekans negatif sou rapò Ayiti ak peyi etranje. Nou wè, pa egzanp, enpak sitiyasyon an sou relasyon ant Pòtoprens ak Santo Domingo, avèk yon espesyalis nan domèn nan, Edwin Paraizon, ansyen Minis Ayisyen kap viv a Letranje e ansyen Konsil Jeneral Ayiti nan Santo Domingo.

XS
SM
MD
LG