Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Manda Prezidan Privert Fini / Okenn Desizyon nan Palman an pou yon Kontinyite


yon sesyon nan palman ayisyen an
yon sesyon nan palman ayisyen an

Seyans an asanble nasyonal palman an te dwe òganize pou depite yo ak senatè yo pwononse yo sou fen manda Prezidan Jocelerme Privert pa rive fèt madi 14 jen 2016 la. Nan yon nòt biwo asanble nasyonal la adrese nasyon an, li fè popilasyon an konnen palman an ap fè negosyasyon ak pouvwa egzekitif la yon fason pou li pran yon desizyon sou fen manda chèf deta a. Nan nòt sa a --ki pote siyati prezidan 2 branch palman an: Cholzer Chancy, prezidan Chanm Bas la, ak Ronald Larèche, vis-prezidan Sena a-- otorite lejislatif yo envite nasyon an gade pasyans li pandan y ap chache solisyon pou kriz la. Bò kote pa l, Misye Privert kwè palmantè yo dwe fè efò pou yo evite peyi a tonbe nan enstabilite, sa ki ta kapab retade pwosesis elektoral la.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 15 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:27 0:00
Direct link

Senatè Latibonit la, Youri Latortue, di li konstate anpil nan senatè kap apiye Prezidan Privert yo pa mete pye nan sena a pou yo bay eksplikasyon sou rezon ki ta dwe fè asanble a pwolonje manda chèf deta a apre misyon li fin ekspire madi 14 jen an, a minwi. Bò kote pa l, dezyèm sekretè chanm depite a, Hermano Hexinor, te pran lapawòl pou l swete asanble a pwolonje manda prezidan pwovizwa a jiskaske li reyalize eleksyon yo.

Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse enskripsyon pou yon tyè sena. Enskripsyon yo ap demare mekredi 15 jen an e y ap pran fen nan dat 28 jen 2016 la. Dapre responsab yo nan KEP a, envitasyon sa a valab sèlman pou pati politik yo.

Anfen, Ayiti te nan sant diskisyon 46èm Asanble Jeneral òdinè Oganizasyon Eta Ameriken yo k ap dewoule nan Santo Domingo, Repiblik Dominikèn. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Jacquelin Belizaire, di nou minis afè etranjè ayisyen an, Pierrot Délienne, mande asistans teknik òganizasyon rejyonal la pou Ayiti òganize pwochen eleksyon yo. Sepandan chèf diplomasi aysiyèn nan ensiet poul di Leta ayisyen pral rapatriye finansman pwosesis elektoral la.

XS
SM
MD
LG