Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik:Reyaksyon Depaman Tonbe sou Rapò Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la


Ann Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) repòte pou 6 jen pwochen piblikasyon kalandriye elektoral la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou pòtpawòl enstitisyon elektoral la, Nicole Siméon, bay garanti KEP a pral òganize eleksyon lib, onèt e demokratik.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 1 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:15 0:00
Direct link

Lèzetazini, ki reyaji apre piblikasyon rapò komisyon evalyasyon ak verifikasyon an, egzòte Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou l pibliye, nan dat 6 jen an si se pa anvan, kalandriye elektoral revize a ki va fikse yon dat pou enstalasyon san pèdi tan yon prezidan eli. Pòtpawòl Depatman Deta a, Amiral John Kerby, fè konnen, malgre se yon pwosesis ayisyen, Lèzetazini panse plis Ayiti pran tan pou l genyen yon prezidan eli demokratikman, se plis tan li pral pran tou pou Washington konsidere nouvo eleman nan patenarya li ak Ayiti.

Ansyen responsab Kowòdinasyon Sosyetè Viktim Kowoperativ yo (CONASOVIC),Rosemond Jean, yon alye Pati Ayisyen Tet Kale, PHTK, ansanm ak Guichard Doré -yon lòt ofisyèl nan pati a-- rejte rapò Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon elektoral la. Mesye Jean fè konnnen PHTK ap tann kounyela KEP a pibliye kalandrye elektoral la alòske Misye Doré di pati a pa prale nan eleksyon ak prezidan Jocelerme Privert sou pouvwa a.

Palman ayisyen an reyaji sou rapò komisyon verifikasyon ak evalyasyon elektoral la. Kèk mamm Sena a kwè rapò a ofri yon altènativ pou pwosesis elektoral la avanse (Senatè Franciso de la Cruz, pa egzanp) pandan y ap mande aplike pinisyon lwa elektoral la prevwa kont moun ou regwoupman politik ki ta benefisye koken ki te fèt nan eleksyon 2015 yo. Gen lòt palmantè ki di rapò komisyon an kapab konplike kriz politik la ann Ayiti (Senatè Carl Murat Cantave ak Andris Riché).

XS
SM
MD
LG