Accessibility links

Breaking News

Desant-De-Lye Fòs Espesyal Lèzetazini Kont Kèk Militan Al Shebab,nan Somali.


Mogadishu, Somalia
Mogadishu, Somalia

Fòs espepesyal ameriken ak somalyen lanse yon operasyon desant-de-lye konjwen byen bonè jodi madi a sou yon baz gwoup militan Al-Shebab la, kote yo touye oubyen kapture yon sèten kantite konbatan rebèl moun poko rive detèmine. Responsab sekirite somalyen Mohammed Nur Gabow di LavwadLamerik se fòs ameriken yo ki tap dirije operasyon sa a ki te vize plizyè responsab Al-Shebab. Rezidan nan vilaj Toratorow, ki sou yon distans 100 kilomèt ak pati sidwès Mogadiscio, kapital Somali, fè konnen sòlda yo te debake nan elikoptè pou yo mache apye ale nan vilaj la pou y al atake moun yo te sible yo.

XS
SM
MD
LG