Accessibility links

Breaking News

Sondaj Opinyon Yo Montre Yon Kouss Sere Ant Pwobab Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump ak Posib Rival Demokrat li a, Hillary Clinton


Kandida pou envestiti Pati Repibliken an, Donald Trump ki t ap pale nan vil Spokane, Eta Washington, during a rally in Spokane, Washington, 7 me 2016 la. (foto achiv (AP Photo/Ted S. Warren))
Kandida pou envestiti Pati Repibliken an, Donald Trump ki t ap pale nan vil Spokane, Eta Washington, during a rally in Spokane, Washington, 7 me 2016 la. (foto achiv (AP Photo/Ted S. Warren))

Nouvo sondaj politik yo reyalize Ozetazini montre prensipal kandida alaprezidans pou Pati Repibliken ak Pati Demokrat la, Donald Trump ak Hillary Clinton, angaje nan yon kouss sere anpil nan 3 Eta ki kapab deside kilès kap genyen eleksyon mwa novanm ane sa a. Madame Clinton, ansyèn Sekretè Deta, kontinye genyen yon avantaj 6 pousan pwen / sou plan Nasyonal / devan misye Trump--yon milyadè nan domèn imobilye ki pa mete dlo nan bouch li lè lap kritike lòt kandida yo. Sepandan, yon Sondaj Inivèsite Quinnipiac pibliye madi 10 me a endike nan rejyon mid-Atlantik la, tankou nan Eta Pennsylvani, Ohio ak nan Florid elektè yo divize. 3 Eta sa a genyen yon tradisyon deside kilès ki pral antre nan Mezon Blanch lan kòm prezidan.
Sondaj yo montre madam Clinton, kap chèche tounen fi ki janm eli prezidan Lèzetazini genyen yon avans 43 ak 42 pwen sou misye Trump nan Pennsylvani ak nan Florid. Misye Trump / yon pèsonalite televizyon ki poko janm okipe okenn pòs politik Ozetazini / devan madam Clinton nan Eta Ohio ak yon avantaj 43 pousan entansyon vòt kont 39 pou san anfavè kandidat demokrat la.
Rezilta eleksyon yo nan 3 Eta sa-yo--patikilyèman si madam Clinton ou misye Trump genyen yo tou lè 3--pral enpòtan pou detèmine kilès ka p prezidan Lèzetazini ane kap vini an.

XS
SM
MD
LG