Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Prezidan Privert di Kalandriye Elektoral la Pral Parèt Anvan Lontan


Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert
Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert

Ann Ayiti, Prezidan Jocelerme Privert ak madanm li, Ginette, te fè yon vizit nan vil Okay nan okazyon 80èm anivèsè MEBSH (Mission Evangélique Baptiste du Sud d’Haiti).

Lidè ayisyen an pwofite okazyon an pou l mande plis lapè nan rejyon an an patikilye e nan tout peyi a an jeneral, apre asasina nan weekend nan 2 pèsonalite nan Depatman Sid la: espesyalis nan devlopman touristik Robert Anglade, nan zòn Les Anglais, ak komèsant Yvette Christophe Chéry, nan vil Aken. Misye Privert fè konnen tou kalandriye elektoral la pral parèt anvan lontan.

NOUVEL AYITI POU LENDI 11 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:13 0:00

=======================================

Kèk jou aprè Prezidan Privert te annonse kreyasyon yon komisyon evalyasyon elektoral pou pase an revi rezilta eleksyon ki te dewoule nan fen ane 2015 la, reyaksyon kontinye tonbe, ann Ayiti kou nan diaspora a, pou apiye desizyon sa a. Korespondan nou nan Pòdepè, nan Nòdwès Ayiti, Dieuseul Junior Louis, ak korespondan nou nan Boston, Eta Massachusetts, Wilson Dubuisson, rapòte kòmantè ki repete deklarasyon Prezidan Privert la, a savwa travay komisyon sa a pral retabli ou prezève kredibilite pwosesis elektoral la.

XS
SM
MD
LG