Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Lidè KEP a Rejte Responsablite Pou l Fòme yon Komisyon Evalyasyon Elektoral


Ann Ayiti, prezidan KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), Léopold Berlanger, rejte pawòl kap di se konsèy la ki gen responsablite pou l fòme yon komisyon evalyasyon elektoral pou verifye rezilta eleksyon prezidansyèl ak lòt ki te dewoule nan fen ane 2015 la. Misye Bellanger deklare kreyasyon yon komisyon konsa se yon travay politik, sa pa fè pati devwa KEP a ki se yon enstitisyon teknik e administratif. Li lanse apèl bay sektè politik yo (tankou gouvènman an ak sosyete sivil la) pou yo pran responsabite sa a ki revni yo de dwa epi fè sa vit pou pwosesis elektoral la avanse. Li bon pou nou raple anpil lidè pati politik leve lavwa pou yo di eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ane pase yo te plen iregilarite e rezilta yo pa reflete vrè volonte pèp ayisyen an.

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 6 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:44 0:00

Nouvo premye minis ayisyen an, Enex Jean-Charles, pran lapawòl nan jounen madi 5 avril la pou l prezante prensipal priyorite gouvènman n nan. Pami objektif chèf gouvènman an site yo, li ensiste pwojè sou plan ekonomik e sosyal, pandan li di òganizasyon pwochen eleksyon yo se youn nan prensipal priyorite politik li yo.

Prezidan pwovizwa sena ayisyen an, Ronald Larèche, te rankontre, nan jounen madi 5 avril la, avèk reprezantan Labank Mondyal nan Pòtoprens, Madam Mary Barthon Dock, pou kèk chita-pale sou yon seri pwojè bank la ap finanse pandan peryòd tranzisyon an. Pami pwojè sa yo genyen ki nan domèn agrikòl la, gen lòt nan domèn sante a, tandiske gen lòt nan domèn enfrastrikti wout, elatriye. Pap gen èd finansye dirèk pou gouvènman an pazavan dewoulman eleksyon yo.

Anfen, nan vil Orlando, Eta Florid, Ozetazini, chèf misyon nan konsila ayisyen an, Nathalie Fourcand, anonse misyon konsilè a ap mete diferan aktivite sou pye pou ede sitwayen ayisyen kap viv nan rejyon an e ki bezwen asistans -tankou èd pou yo fè paspò yo, koutmen pou yo pwofite de pwogram otorite yo mete a la dispozisyon kominote a.

XS
SM
MD
LG