Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik - Mezantant la ap Kontinye sou Nominasyon Fritz Jean kòm Premye Minis.


Premye Minis Nome peyi d Ayiti a, Fritz Jean.
Premye Minis Nome peyi d Ayiti a, Fritz Jean.

Ann Ayiti, komisyon kap travay sou elijibilite Premye Minis deziye a, Fritz Jean, kontinye verifye dokiman yo avan yo prezante rapò final yo. Komisyon an gen pou verifye si wi ou non Premye Minis nome a kalifye pou l dirije pwochen gouvènman an.

Nouvèl Ayiti pou madi 15 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:42 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Depite Abel Descollines (manm biwo Chanm Bas la) ap anvizaje posiblite pou lachanm òganize yon seyans pou Premye Minis nome a vin prezante politik jeneral li devan depite yo. Palmantè a di chanm nan deja resevwa dokiman sou enonse politik jeneral Misye Jean nan jounen lendi 14 mas la. Pandanstan Senatè Youri Latortue deklare li konstate kèk pwoblèm nan dokiman Premye Minis deziye a soumèt devan palman an.

Toujou nouvèl konsènan Ayiti: Prezidan Komisyon Ekonomi, Finans ak Bidjè chanm depite a, Antoine Rodon Bien-Aimé, fè konnen kè-sote li devan enkapasite Leta ayisyen pou l peye gazolin li achte nan men Venezuela. Depite Cerca Cavajal la pa ekate posibilite pou gen yon rate pwodui petwolye nan peyi a anvan lontan.

Anfen, kèk ONG kap travay ak ayisyen otorite dominiken yo depòte pa lòt-bò fwontyè a, di yo gen gwo kè-sote paske vil ak vilaj kote yo depoze moun sa yo pa gen mwayen ase pou yo resevwa tout depòte yo. Responsab yo nan Rezo Jeannot Succès lage responsablite sitiyasyon sa a sou do biwo piblik yo -tankou ONM (Ofis Nasyonal Migrasyon)- ki sanble kwaze bra yo alòske pwoblèm depòte yo ap vin pi grav chak jou.

XS
SM
MD
LG