Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Pwovizwa a Jocelerme Privert Pran Angajman pou l Respekte Akò 5 Fevriye ki Prevwa Eleksyon ak yon Nouvo Prezidan


Jocelerme Privert
Jocelerme Privert

Prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, mete devan nasyon an yon mesaj kote li pran angajman pou l respekte akò 5 Fevriye 2016 la ki prevwa eleksyon nan dat 24 avril pou yon nouvo prezidan prete sèman 14 Me. Lidè ayisyen an mande palmantè yo pa pèdi tan pou yo aprouve politik jeneral Premye Minis nome a, Fritz Jean. Msye Privert pale konsa nan moman chanm depite a mete sou pye yon komisyon pou analize dosye Premye Minis nome a.

Yon lòt kote, anbasad Japonèz la ann Ayiti plis òganizasyon japonè kap opere nan peyi a siyen 4 akò pou plis pase 707 mil dola ameriken pou apiye aktivite 3 òganizasyon lokal. Korespondan nou Orpha Dessources di nou benefisyè yo ap envesti lajan an nan diferan domèn.

Anfen, Konsila ameriken an ann Ayiti kòmanse yon kanpay nan radyo pou eksplike kondisyon sitwayen ki vle vizite Etazini dwe ranpli pou yo kapab jwenn yon viza. Korespondan nou Jean Christophe Collegue di nou konsil jeneral la, ki tap patisipe nan yon emisyon-radyo nan Ba Plato Santral la, mande enterese yo evite pran kontak ak raketè.

XS
SM
MD
LG