Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Apèl Jovenel Moise pou Prezidan Jocelerme Privert Oganize Eleksyon nan Delè ki Fikse a.


Kandida a la prezidans PHTK a, Jovenel Moise
Kandida a la prezidans PHTK a, Jovenel Moise

Nouvèl konsènan peyi d Ayiti: Kandida a la prezidans sou banyè Pati Ayisyen Tèt Kale, Jovenel Moise, lanse apèl bay prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pou mande l respekte nan tout entegralite li akò 6 fevriye a ki mande pou l konplete pwosesis elektoral la. Misye Moise lanse apèl sa a nan yon rankont li fè nan sware jounen jedi 10 mas la ak manm kominote ayisyèn nan nan Miami.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 11 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:06 0:00
Direct link

Nan vil Okay, yon mouvman politik ki prezante tèt li kòm yon gwoup ki pwòch opozisyon an, manifeste pou mande palmantè yo envite Premye Minis nome a, Fritz Jean, vin prezante politik jeneral li pou yo ba li yon vòt konfyans. Yon lòt kote, otorite yo nan vil Las Cahobas pran tout dispozisyon pou pwoteje moun ki pral patisipe nan fèt patwonal vil la.

Anfen, ayisyen kap viv nan vil Miami oubyen lòt kote nan pati sid Eta Florid, pa sanble enterese nan eleksyon primè ki pral dewoule madi 15 mas 2016 la pou chwazi kandida pou plas prezidan ameriken an. Korespondan nou Pierre Nazon Beauliere pale ak analis elektoral Maxo Sénal ki wè avèk li kèk nan rezon ki fè manm kominote ayisyèn nan pa enterese nan kandida k ap chache nominasyon Pati Repibliken an ou byen Pati Demokrat la.

XS
SM
MD
LG