Accessibility links

Breaking News

Syantifik Yo Pa Lwen Jwenn Yon Vaksen Kont Tout Kalte Grip


Syantifik Yo Pa Lwen Jwenn Yon Vaksen Kont Tout Kalte Grip
Syantifik Yo Pa Lwen Jwenn Yon Vaksen Kont Tout Kalte Grip
  • Epidemi grip ane 2009 la pa pi mal pase sa moun te prevwa a. Alèkile, maladi yo rele swine flu a vinn bay syantifik yo yon bonis sou fason moun pran vaksen kont maladi grip la.

Nan lane 2009, apreprè 10 milyon moun te tonbe malad anba maladi swine flu a epi apre yo vinn refè, yo vinn gaya. Kounya, syantifik yo idantifye yon seri antikò nan san moun ki te pran vaksen sa yo ki ka pwoteje yo kont pwochen epidemi grip yo e ki ka ede syantifik yo mete opwen pou fabrike yon vaksen inivèsèl kont grip.

  • Chak epidemi grip se rezilta yon typ viris inik ki nesesite yon vaksen inik. Patrick Wilson, kap travay nan Inivèsite Chicago, ak kòlèg li yo te reyalize kès tès nan laboratwa ki endike antikò systèm iminitè moun ki te tonbe malad anba grip Swine Flu se yon defans kont yon bann lòt tip (lòt souch ou lòt varyete) grip pa sèlman kont souch vaksen ki egziste kounye a yo prevni.
  • Antikò sa yo aji byen kont tout fòm viris H1N1 ki te parèt pandan 10 dènye ane yo. Yo menm aji kont souch pandemi grip ane 1918 la e kont youn nan tip mòtèl viris H5 lan. Kisond, dapre chèchè Wilson ankò sa-yo reyaji byen kont yon gwo varyete viris.
  • Etid pral kontinye fèt sou dekouvèt sa a, men daprè Patrick Wilson, yon vaksen inivèsèl kont lagrip ka disponib nan 10 zan k ap vini yo.
XS
SM
MD
LG