Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kriminalite: Rankont Manm Palman an ak Direktè Polis Nasyonal la sou Ranfòsman Ensekirite a nan Pòtoprens.


Yon kontijann PNH (Polis Nasyonal d Ayiti).
Yon kontijann PNH (Polis Nasyonal d Ayiti).

Yon gwoup palmantè rankontre ak direktè Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Godson Orelus, pou yo te diskite sou fason pou konbat fenomèn ensekirite a kap ogmante nan kapital la, Pòtoprens. Korespondan nou Renan Toussaint di nou rankont sa a dewoule nan moman nèg ame ap touye non sèlman sivil, men yo fè viktim tou pami manm enstitisyon polisyè a.

Nouvèl Ayiti pou jedi 10 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:12 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Sekretè Jeneral Prezidans la, Anthony Barbier, di li difisil pou otorite yo mete Konsèy Elektoral Pwovizwa a sou pye pou le moman, paske peyi a poko genyen yon gouvènman. Misye Barbier lanse apèl bay palmantè yo pou l mande yo envite Premye Minis nome a, Fritz Jean, vin prezante enonse politik jeneral li devan yo pou yon vòt konfyans.

Konsènan akò ki te siyen ant pouvwa ekzektif la ak palman an, Anthonal Mortimé, reprezantan yon gwoup dwazimen ki baze nan Boston, Ozetazini --New England Human Right Watch-- lanse yon apèl bay aktè politik konsène yo pou l mande yo renegosye dokiman an ak objektif pou yo debloke kriz la.

Anfen, patizan kandida a la prezidans Jovenel Moise ki te reprezante Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) nan eleksyon yo, manifeste nan jounen mèkredi 9 mas la pou yo mande otorite responsab yo konplete pwosesis elektoral ki te kòmanse an 2015 la.

XS
SM
MD
LG