Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an ap Reyini Mèkredi 9 mas la. Sou ajanda a: Eleksyon yon Nouvo Prezidan pou Gran Kò a.


An Ayiti, prezidan pwovizwa Sena a, Ronald Larèche, fè konnen li posib pou senatè yo reyini Mèkredi 9 mas la pou yo panche yo sou eleksyon yon nouvo prezidan gran kò a. Misye Larèche ajoute gran kò a poko kapab mete sou pye yon komisyon pou analize dosye Premye Minis nome a, Fritz Jean, e sitiyasyon sa a pap chanje toutotan sena a pa genyen yon nouvo prezidan.

Yon lot kote, Depite Printemps Belizaire kwè Premye Minis nonmen an dwe chache gen garanti pwochen gouvènman an gen ladan n reprezantan tout tandans nan klas politik la, selon sa k di nan akò 5 fevriye a.

Toujou ann Ayiti: Prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, ki tap pale nan okazyon Jounen Entènasyonal Medam yo madi 8 mas la, fè konpliman pou efò ki fèt pou entegrasyon fanm yo nan sosyete a. Msye Chancy fè konnen palman an ap akonpaye medam yo nan lit yap mennen pou yo jwe yon pi gwo wòl nan sosyete a. Prezidan Chanm Depite a pale konsa nan yon seremoni ki dewoule pou onore 3 fanm pou kontribisyon yo chak pote, fason pa yo, nan devlopman ak pwogrè sosyete ayisyèn nan.

Anfen, mèkredi 9 Mas la make 27èm anivèsè Radio New Star, afilye Sèvis Kreyòl la nan Pòdepè, nan nòdwès peyi d Ayiti. Kolaboratè nou Serge F. Michel, ki pale ak direktè estasyon an, Ernst François, di nou radyo New Star reprezante yon sous enfòmasyon pou popilasyon Pòdepè a an patikilye e pou tout abitan Depatman Nòdwès la an jeneral.

XS
SM
MD
LG