Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jocelerme Privert Enstale Fritz Jean kòm Nouvo Premye Minis


Prezidan Pwovizwa a Jocelerme Privert (agòch) ak Nouvo Premye Minis la, Fritz A Jean (adwat)
Prezidan Pwovizwa a Jocelerme Privert (agòch) ak Nouvo Premye Minis la, Fritz A Jean (adwat)

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, enstale Fritz Alphonse Jean kòm nouvo Premye Minis avèk yon misyon presi: fòmasyon yon gouvènman konsansis ak enstalasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou konplete pwosesis elektoral la. Bò kote pa l, Premye Minis enstale a lanse apèl anfavè yon tèt ansanm pou peyi a pran yon lòt direksyon. Premye Minis sòtan an, Evans Paul, ak manm kabinè Ministeryèl la pat asiste seremoni enstalasyon nouvo Premye Minis la.

Nouvèl Ayiti pou lendi 29 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:29:21 0:00
Direct link

Toujou sou plan politik, plizyè manm nan klas politik ayisyen an ak reprezantan kominote entènasyonal la te prezan nan seremoni enstalasyon nouvo Premye Minis la. Kandida ala prezidans Pati Fanmi Lavalas, Maryse Narcisse, ki te asiste seremoni a, refize pale sou delè 120 jou pou enstalasyon yon nouvo prezidan nan tèt peyi a

Yon lòt kote, Senatè Nordès la, Jean Baptiste Bien Aime, mande kòlèg li yo pou prezante lendi 29 fevriye nan palman pou vote nouvo prezidan gran kò a pou Premye Minis la kapab vinn prezante deklarasyon politik jeneral li devan 2 chanm yo.

Yon Senatè nan Sid peyi a, sou bò pa l, fè konnen li pral travay ak kòlèg li yo pou fè refòm nan sistèm jidisyè a. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou deklarasyon sa a fèt nan moman fenomèn ensekirite a ap ogmante.

Enfen, 29 fevriye 2004—29 fevriye 2016 sa fè 12an depi yon leve kanpe ame te voye an egzil ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide.

XS
SM
MD
LG