Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis -- Nominasyon Pwochen Jij Kou Siprèm nan : Yon Gwo Defi Pou Prezidan Obama.

De goch a dwat: Sen. Charles Schumer (D-N.Y.), Sen. Al Franken (D-Minn.), Sen. Richard Blumenthal (D-Conn.) ak Sen. Chris Murphy (D-Conn.), ki tap pale ak laprès nan Kongrè a nan jounen mèkredi 24 fevriye 2016 la pou yo denonse le fèt ke majorite repibliken nan Sena a refize tout nominasyon Prezidan Obama vle fè nan Kou Siprèm nan.

La Mezon Blanch sanble dispoze soumèt devan kongrè a kandidati gouvènè repibliken Eta Nevada a, Brian Sandoval, kòm nouvo manm Kou Siprèm nan apre lanmò Jij Antonin Scalia. Sepandan lidè repibliken yo nan Sena a pran angajman pou yo pa okipe desizyon prezidan Obama a va pran nan sans sa a; kidonk, yo pa sòti pou yo òganize okenn seyans sou nominasyon an. Prezidan an di si kongrè a trennen pye l pou l pa vote sou kandida a, sa pral gen move konsekans sou nominasyon lòt jij nan lavni. Misye Obama deklare:

“Si, an reyalite, Repibliken yo nan Sena a pran yon pozisyon ki defye konstitisyon an, ki defye tout lojik, ki pa repoze sou tradisyon --paske tou senpleman yo vle fè politik ak afè a-- alòs, san di pètèt sa nou pral wè se plis deteryorasyon kapasite yon Prezidan pou l nonmen manm pouvwa jidisyè a. ”

Lidè majorite a nan Sena a, Mitch McConnell (R-KY, nan mitan) ki tap bay yon konferans pou laprès avèk kèk kòlèg li nan leadership repibliken a sou posib nominasyon yon nouvo jij nan Kou Siprèm nan. (Dat: 23 fevriye 2016).

Lidè repibliken yo nan Kongrè a ta pi renmen kite Prezidan ki pral ranplase misye Obama a fè nominasyon nouvo manm Kou Siprèm nan ki pral okipe pòs la a-vi. Kounyela a Kou Siprèm nan genyen 4 manm konsèvatè ak 4 manm liberal. Sa vle di, desizyon tribinal ki pi ba yo voye devan gran jij yo ap jwenn yon vòt egal-ego, e se desizyon tribinal sa yo te deja pran kap triyonfe.

XS
SM
MD
LG