Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik:Prezidan Jocelerme Privert Ap Mete Fen nan Konsiltasyon sou Chwa Nouvo Premye Minis la


Kat Ayiti
Kat Ayiti

Prezidan pwovizwa sena ayisyen an, Renald Lareche, ankouraje Prezidan Jocelerme Privert pou l rankontre ak prezidan 2 chanm yo pi vit posib pou yo diskite sou chwa Premye Minis la. Yon lòt kote, dirijan gran kò a envite kòlèg li yo nan yon seyans espesyal pou nonmen yon prezidan definitif pou sena a.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 24 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:44 0:00
Direct link

Sou menm dosye konsiltasyon konsènan chwa Premye Minis la, Platfòm Altènativ pou Pwogrè ak Emansipasyon Ayisyèn, LAPEH, refize rankontre ak Prezidan Privert, paske, dapre Sekretè jeneral LAPEH a, ansyen Senatè Jean-Hector Anacasis, nouvo prezidan pwovizwa a deja chwazi moun ki pral okipe pòs chèf gouvènman an epi - nap site: "li materyèlman enposib pou eleksyon yo dewoule nan delè 120 jou akò 6 fevriye a prevwa a."

Yon lòt kote, Chanm Komès ak Endistri Haitiano-Canadienne, CCIH, an kolaborasyon avèk anbasad Canada ann Ayiti, reyalize yon seyans fòmasyon pou antreprenè ayisyen yo sou fason pou pwodwi yo gen plis aksè sou mache kanadyen an. Objektif aktivite sa a se bay antreprenè yo konesans sou fason pou yo eksplwate mache sa a avèk maksimòm efikasite nan kad relasyon komèsyal ki egziste ant 2 peyi yo.

Anfen, ministè sante piblik ayisyen an ap chache yon fon asistans nan men Bank Mondyal pou l kapab kontwole pwopagasyon viris Zika a ki egziste nan plizyè peyi nan Amerik Latin nan. Minis sante piblik la, Florence Guillaume Duperval, fè yon demand nan sans sa a nan moman Oganizasyon Mondyal Lasante ap chache 56 milyon dola pou finanse yon plan d aksyon mondyal pou konbat viris la.

XS
SM
MD
LG