Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik - Prezidan Privert ap Kontinye Kontak yo sou Deziyasyon yon Premye Minis


Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert
Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert

Ann Ayiti, Prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pase jounen mèkredi 17 fevriye 2016 la ap konsilte diferan sektè nan kad demach lap fè pou l deziye yon Premye Minis, dapre akò pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la te siyen nan kòmansman mwa fevriye a pou rezoud kriz politik la. Jounalis Guerrier Dieuseul (repòtè estasyon afilye nou nan Pòtoprens, Radio-Tele Karayib, kap reponn kesyon Jean Robert Philippe) di nou jiska prezan pèsonn pa konnen konbyen jou konsiltasyon kap nesesè avan pou chèf deta a pwopoze bay palman an pwochen chèf gouvènman an.

Nouvèl Ayiti pou jedii 18 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, bay pozisyon Lèzetazini sou sitiyasyon politik la ann Ayiti. Misye Merten di Washington byen akeyi akò 5 fevriye pase a ki prevwa, antwòt, dewoulman eleksyon nan yon peryòd ki pa depase 120 jou.

Anfen, lidè plizyè òganizasyon fanm nan Depatman Plato Santral la leve vwa yo pou yo mande patisipasyon medam yo nan pwochen gouvènman enterimè a. Nou gen plis detay avèk korespondan nou nan Mirebalais, Jean Christophe Collègue.

XS
SM
MD
LG