Nan peyi d Ayiti, nouvo Prezidan Pwovizwa a, Joclerme Privert, kòmanse seri kontak li gen pou l fè ak dirijan politik yo nan kad rechèch yon Premye Minis konsansis selon akò Pouvwa Egzekitif la ak Pouvwa Lejislatif la te siyen nan dat 5 fevriye 2016 la. Senatè Depatman Nòdès la, Jean Baptiste Bien-Aimé, konfime kontak sa yo deja lanse e li fikse pozisyon li sou non kèk lidè politik ki, daprè li, ta kapab dirije pwochen gouvènman an.
Yon lòt kote, lidè Group G-8 la, ki reyini kèk nan ansyen kandida a la prezidans yo, apresye le fèt ke Prezidan Pwovizwa a kòmanse fè konsiltasyon sou chwa pwochen chèf gouvènman an. Youn nan lidè sa yo, ansyen kandida a la prezidans sou banyè OPL, Sauveur Pierre Etienne, di sa sèlman G-8 la ak OPL mande, se pou msye Privert aplike akò 5 Fevriye a ki fikse yon delè 90 jou pou nouvo dirijan yo òganize eleksyon. Misye Pierre-Etienne bay opinyon li tou sou pèsonalite Prezidan Privert nan mikwo Jean-Robert Philippe.
Anfen, Senatè Jean Renel Senatus -youn nan reprezantan Depatman Lwès la nan Gran Kò a-- eksprime dispozisyon li pou l ta fè pati komisyon ki pral verifye rezilta eleksyon 9 out ak 25 oktòb 2015 pase a. Selon Misye Senatus, palman an ta dwe mete deyò depite ak senatè ki, daprè rezilta ankèt komisyon sa a, ta ranpòte eleksyon yo nan move kondisyon.