Pap Franswa, kap vizite peyi Meksik depi samdi 13 fevriye a, chante nan jounen lendi a yon mès an plen-è kote li mande popilasyon endijèn nan padon poutèt sosyete a pa kite l patisipe nan zafè nasyon an. Chèf Legliz Katolik la chante mès sa a " nan lang matènèl endijèn yo nan Chiapas, yon eta pòv nan pati sid peyi a. Souvren Pontif la di Endijèn yo :
“Nan plizyè okazyon, yon fason sistematik e òganize, yo pat toujou konprann pèp nou an e yo mete yo a-leka nan sosyete a. Gen moun ki konsidere valè nou yo, kilti nou an ak tradisyon nou yo kòm enferyè. Kèk lòt --ki kite pouvwa, lajan ak tandans mache a vire lòlòy yo- vòlè e kontamine tè nou yo."
Nan San Cristòbal de las Casas, yon vil ki nan pati sid peyi Meksik, plizyè milye moun te rasanble nan yon gwo stad spòtif pou yo te asiste sèvis sa a ki te dewoule nan 3 lang endijèn, dapre yon dekrè Pap la te fèk siyen pou l otorize itilizasyon lang sa yo nan mès Legliz Katolik.