Accessibility links

Breaking News

Kendrick Lamar ak Taylor Swift, 2 Gwo Gayan Pri Grammy 2016 yo.


Kendrick Lamar ki tap bay yon pèfòmans nan okazyon 58èm edisyon remiz Pri Grammy yo nan Los Angeles nan sware lendi 15 fevriye 2016 la.
Kendrick Lamar ki tap bay yon pèfòmans nan okazyon 58èm edisyon remiz Pri Grammy yo nan Los Angeles nan sware lendi 15 fevriye 2016 la.

Ozetazini, chantè Kendrick Lamar pase yon trè bòn nuit aprè remiz Pri Grammy yo lendi swa nan vil Los Angeles kote li ranpòte Pri Meyè Albòm Rap ane a.

Kendrick fè piblik la bat bravo debou avèk youn nan entèpretasyon li yo e li menm resevwa yon kout fil ki sòti nan La Mezon Blanch. Sa pa gen lontan, misye te pote-kole ak fammi prezidansyèl la pou fè pwomosyon pou yon kanpay Prezidan Barack Obama ak madanm li, Michelle, lanse pou yo ede segman defavorize nan sosyete amerikèn nan, sitou jenn nwa ki nan pwoblèm yo. Kendrick Lamar ranpòte 3 lòt pri grammy pou 3 lòt chanson ki sou albòm li a ki rele The Pimp of Butterfly.

Taylot Swift (2èm adwat ak yon rad woz) ki tap resevwa pri Pi Bon Albòm Ane a pou albim li ki rele "1989".
Taylot Swift (2èm adwat ak yon rad woz) ki tap resevwa pri Pi Bon Albòm Ane a pou albim li ki rele "1989".

Lamar ak yon lòt vedèt mizik pop amerikèn, Taylor Swift, ranpòte yon pri pou yon video Miss Swift ki rele Bad Blood. Taylor Swift ranpòte tou youn nan pi gwo pri sware a, ki se pri pou Meyè Albòm ane a. Li mete nan pòch li tou pri Pi Bon Vokal Pop ane a.

XS
SM
MD
LG