Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Ede Kolonbi Konbat Viris Zika a


Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, ki tap bay yon konferans pou laprès nan Washington, nan dat 5 fevriye 2016 la, kote li te di anvan lontan espesyalis medikal ameriken prale nan peyi li pou ede Kolonbi lite kont viris Zika a.
Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, ki tap bay yon konferans pou laprès nan Washington, nan dat 5 fevriye 2016 la, kote li te di anvan lontan espesyalis medikal ameriken prale nan peyi li pou ede Kolonbi lite kont viris Zika a.

Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, deklare gen plis pase 3 mil 100 fanm ansent nan peyi li ki tape viris ZIKA a –yon viris marengwen sikile. Yon ti tan apre Misye Santos te fè yon vizit Washington, kote li te rankontre ak Prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch, li fè yon diskou radyo ak televizyon te retransmèt samdi atravè tout Kolonbi, diskou kote li di Lèzetazini ap voye yon ekip espesyalis ede peyi li. Prezidan Santos deklare:

<< Obama deklare: “Nou pare.” Yo dakò pou ede nou e yo deja pran kontak ak enstiti nasyonal lasante nou an. Yap antre semèn sa a menm. Se yon delegasyon kap sòti nan yon sant sante Ozetazini. Nan asistans sa a, yap ofri nou yon teknoloji kap ede nou detèmine presizeman ki kalte maladi kontajyez moun nan genyen. >>

Prezidan Santos kontinye pou l di jiskaprezan poko gen okenn prèv ki ta lye definitivman viris Zika a ak maladi ki afekte yon ti bebe depi nan vant manman n e ki fè tèt li ak sèvo li pa devlope nòmalman -maladi ki rele “Mikwosefali a”.

XS
SM
MD
LG