Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Michel Martelly Ale: Palman an ap Pare pou l Vote yon Prezidan Pwovizwa.


Michel Martelly salye fanatik li yo anvan li te monte nan machin li apre li te fè diskou kote li remèt echap prezidansyèl la bay lidè palman an. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery).
Michel Martelly salye fanatik li yo anvan li te monte nan machin li apre li te fè diskou kote li remèt echap prezidansyèl la bay lidè palman an. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery).

Ann Ayiti, ansyen Prezidan Michel Martelly reveye lendi 8 fevriye a kòm yon senp sitwayen apre li fin pase 5an ap dirije peyi a. Dimanch 7 fevriye 2016 la, Misye Martelly te prezante devan palman an kote li mete yon mesaj devan 2 chanm yo reyini an asanble nasyonal sou reyalizasyon administrasyon n nan epi remèt echap prezidansyèl la bay prezidan asanble a, Senatè Jocelerme Privert. Korespondan nou Orpha Dessources di nou manda ansyen prezidan an pran fen san li pa pase rèn pouvwa a bay yon lòt prezidan eli akoz 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo te ranvwaye.

Nouvèl Ayiti pou lendi 8 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:33:24 0:00
Direct link

Yon lòt kote, palman ayisyen an ap pare pou l resevwa kandidati sitwayen ki ta enterese ranplase ansyen Prezidan Michel Martelly sou pouvwa a jiska 14 Me 2016 lè yon nouvo prezidan eli gen pou prete sèman. Prezidan Sena a Jocelerme Privert --ki se an menm tan Prezidan Asanble Nasyonal la-- di li konstate yon vid nan nivo pouvwa egzekitif la apre manda Prezidan Martelly a fini san eleksyon pat fèt pou jwenn yon ranplasan pou li. Senatè Francisco Dela Cruz di li swete okenn manm palman an pa poze kandidati yo pou pòs prezidan pwovizwa a, men pito pou palmantè yo rete jwe wòl yo kom manm pouvwa lejislatif la.

Reyaksyon sou Sitiyasyon Politik la ann Ayiti

Lèzetazini byen akeyi akò 2 pouvwa yo siyen pou yo asire fonksyonman Leta a epi pèmèt pwosesis elektoral la abouti. Reyaksyon Washington nan ale nan menm sans ak pozisyon Core Group la ak Oganizasyon Nasyonzini. Nan jounen samdi 6 fevriye a, Core Group la te pibliye yon deklarasyon kote li di akò a pran an konsiderasyon enterè peyi a ak popilasyon an. Pòtpawòl Depatman Deta a, John Kerby, fè konnen se ak enpasyans Lèzetazini ap tann pou l kontinye travay ak Ayiti e ak lòt patnè entènasyonal yo pou kore demokrasi nan peyi a. Pòtpawòl la rekonèt wòl konstriktif misyon espesyal Oganizasyon Eta Ameriken yo jwe nan efò ki fèt pou ede aktè ayisyen yo jwenn yon konsansis antre yo.

Anfen, 7 fevriye 1986—7 fevriye 2016 : Sa fè 30 an depi Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la ap bay nouvèl pou popilasyon ayisyèn an ak pèp lòt peyi ki pale kreyòl yo. An 1986, ane kote premye emisyon Sèvis Kreyòl la te antre nan lè a, oditè yo te ka kapte nouvèl yo sou ond kout sèlman. 30 an apre, yo gen chwa ant plizyè mwayen pou yo resevwa nouvèl ak enfòmasyon nou yo: yo kapab tande nou sou entènèt la ak plizyè estasyon radyo afilye lokal nan tou lè 10 depatman jewografik peyi a ak dyaspora a; depi kèk mwa deja oditè ki ann Ayiti yo genyen yon chwa an plis, se radyo sou televizyon yo ka resevwa nan divès vil peyi a. Sèvis Kreyòl la prezan tou sou rezo sosyal yo tankou Facebook ak Twitter. Fete avèk nou! Rete toujou fidèl. Chante avèk nou: 30 lane se pa 30 jou! Kenbe fèm ak ekip la!

XS
SM
MD
LG